6 mai 2024

Fernando Live News: Vakans An Ayiti, yon tradisyon ki ale

Kisa vakans lan ye, èske gen vakans vre?

Vakans se moman kote etidyan ak ekolye, inivèsitè elatriye apre kèk mwa fatig yo pran yon ti tan pou al wè fanmi yo andeyò , al pran bon jan beny lanmè, rivyè ,oubyen al wè fanmi yo lòtbò dlo e menm vin Ayiti.
Anpilfwa paran ki gen timoun ki rive nan yon nivo etid siperyè aprè yo desann lavil pou kontinye etid yo, se bèl moman pou yo lè yo retounen al wè fanmi ak zanmi yo nan moman vakans.

Sak nan vil pòtoprens ki gen paran lòtbò dlo se ak kè kontan pou timoun yo fin konpoze epi pandan moman sa , yo profite al wè manmi ak papi elatriye.
Aprè elèv 9èm ane te pranvakans mèkredi 21 jiyè pase a , jounen jodi ase tou pa elèv filo ak Nouvo segondè 4 sou tout peyi a ki selon kèk nan yo, dewoulman egzamen an te byen pase.
Yon lòt bò, pou yo koze vakans lan pa egziste reyèlman, non sèlman yo pral prepare prefak pou yo antre nan fakilte ,men tou gen gro enkyetid fas ak fenomèn ensekirite a, ki pa pèmèt moun antre e sòti nan kèk depatman nan peyi a e menm timoun ak paran nan peyi etranje paka antre nan Ayiti sa ki gen gro konsekans negatif sou ekonomi peyi a.
Men jodi a nenpòt ti bebe ka mande èske gen vakans?
Depi kèk mwa, antre sid kapital la bloke nan peyi a sa ki rann anviron 4 depatman bloke: nip sid, sides, lwès,akoz bandi san fwa ni lwa kap feraye maten midi e swa.
Nèg detounen kamyon machandiz tout kalite, piye magazen, epi touye moun tankou chyen, Epi boule kay sitwayen yo.

Sitiyasyon sa ki koz divès abitan nan zòn antre sid la oblije abandone ka yo, Yon zòn tout moun konsidere kòm kafou lanmò, se lèw fin pasel ou konnenw ka rale yon ti souf, e pouw pase ta sanble fòk ou met demenw anlè wap loue krisla. 

Kiyès ki epanye anba fleo sa ?
Enfimyè, jounalis, doktè,antreprenè, elèv tout kalite,avoka,anyen tout moun pran men sòl pa yo, Sa ki lakoz madanm pèdi mari,mari pèdi madanm Pitit pèdi manman ak PaPa sa ki lakoz anpil timoun vin òfelen, Sa ki kapab vin reprezante yon danje pou sosyete a ,lèn konnen anpil nan timoun sa yo ki pa jwenn akonpanyeman leta sou okenn fòm kisa yo devni.
Sak pi grav la sila yo ki tonbe anba bal se chyen ak kochon ki chante antèman yo e menm anpil fwa pou pran kèk kadav se peye pou fanmi viktim yo peye pousa.

Depi plis pase 2 mwa bal ap chante san rete nan Matisan nan mitan plizyè chèf de bann pou konfli teritwa, sa ki lakoz anviron 2000 fanmi pati sou tèt kite lakay, pou refijye yo nan sant espòtif kafou a .
E jiskaprezan yo pa konn aki rele aki reponn, Jis jounen Vandredi 30 jiyè 2021 an ,bal pa sispann chante mikalaw nan zòn lan e pèsòn nan leta pa janm di anyen, sak pi grav la menm sou komisaria nan zòn lan abandone, Elas.

Ki enpak ensekirite a fè sou popilasyon an, avan oubyen pandan vakans lan ?
Depi avan vakans lan pat gen vi, sa tout moun ki te viktim,ekounya gen vakans pavre ! Ebyen ta dwe gen touris ki vin vizite peyi a, sila yo ki nan dyaspora ta ka retounen vin wè lakay, sak ta pral kontribiye nan ekonomi peyi a nan yon sans.
Ebyen se pa sa ki fèt okontrè malgre nan je kominote entènasyonal la ayiti te clase pami peyi ki pi danje yo, e vwazen ki pi pre a te fè konnen Haïti somalize jounen jodi a,jiskaprezan dirijan nou yo pa janm di anyen, sa ki koz tout lòt peyi wè Ayiti kòm yon menas pou yo nan zòn karayib la.

  Antouka !  Anpil moun ta ka mande kiyès ki gen enterè nan zak ensekirite a ki gen la ? Pou jan yo konstate absans otorite yo anfas move aksyon san vagòy yo kap feraye tout lasent jounen , tandiske koz politik yo regle san problèm, moun mete soukote, sak pran ti tap, sak maron elatriye, Men poukisa  bandi yo, pa janm pran yon ti tap, ni maron oubyen mete soukote, alòske yo sou tout rezo sosyal, fè gro deklarasyon, e menm pase leta lòd jan yo vle, lè yo vle.

Antouka , menmsi pa gen vakans pou lepèp gro zong, men nèg a soulye yo lè vakans rive se manje isi epi al bwè dlo lòt kote chak weekend menmsi pèp la nan kras, mizè ak fatra sa pa gade yo,
Sak preokipe yo se fè tout sa yo konnen pou pran oubyen rete sou pouvwa.
Antouka, menmsi bèf la anfòm vre, li nan bon manje, se souse tetel tout la jounen,li gen poul depafini kanmèm, mpa menm bezwen diw lèl pa nan bon manje,
Donk pouvwa pa janm etènèl tout moun ap pase men lap ret la.

  Nap raple se pa jodi a ensekirite a egziste , men depi sou premyè vèsyon PHTK rive jouk jounen jodi a se nan yon basen san peyi a plonje, depiw pa tande nan nouvèl yon moun asasinen nan yon jou konnen ou pa Ayiti, Plis moun mouri  mwens moun jwenn justis poun pa di pèsòn.
     Men ! avan, tout moun te di peyi a pat bon, e kouna li pi mal, donk chak ekip ki pran pouvwa kondisyon vi lepèp pa janm amelyore Vre,  Èske sa ta vle di aprè rèy PHTK nou fin pase tout peripesi sa yo , nou pral konn kèk moman pi mal ke sa ankò? 

kisa ki ta dwe fè poun ta evite sa Poun pa ta desann nan yon nivo ki pimal ke sa?

Partager

Une réflexion sur « Fernando Live News: Vakans An Ayiti, yon tradisyon ki ale »

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *