16 mai 2024

Pati Padeinha Di l anfas Konsèy Prezidansyèl la

PADEINHA AP denonse kominote entènasyonal la , espesyalman gouvènman ameriken an, lafrans ak kanada ki enpoze peyi an yon konsèy prezidansyèl 7 manm olye pou te priyorize kou kasasyon kòm altènativ pou debloke kriz la.

Pati Demokratik Entegrasyon Ayisyèn (PADEINHA) ap swiv avèk anpil atansyon evolisyon sitiyasyon politik peyi a aprè kominote entènasyonal la ki gen nan tèt li gouvènman ameriken an deside enpoze peyi a yon konsèy prezidansyèl olye pou yo te ale nan kou kasasyon pou rezoud kriz la.

Move ajisman kominote entènasyonal la sitou gouvènnman ameriken an montre aklè volonte yo genyen pou detwi peyi a. PADEINHA lonje dwèt li byen long sou gouvènnman ameriken an ki toujou vle enpoze desizyon ki nan enterè l kont volonte majorite popilasyon an ki bezwen lapè epi pou kondisyon sosyal ak ekonomik li amelyore.

Pati Demokratik Entegrasyon Ayisyèn( PADEINHA ) di se domaj administrasyon Biden lan ak tout kò gwoup la pa rive tande larezon pou te evite peyi a tonbe nan konfli enterè , nan chire pit ant aktè politik yo alòske chwa kou kasasyon an t ap pèmèt peyi a rete nan yon kad legal epi konstitisyonèl.

Nan kontèks sa a, PADEINHA ap pwofite fè popilasyon Ayisyèn lan ki an Ayiti e nan diaspora konnen ke peyi an pa gen 7 pati politik sèlman epi denonse enjistis ki fèt kont lòt pati yo lè yo deside se 7 pati ki gen destine peyi a nan men yo atravè desizyon yo pral gen pou pran pou òganize eleksyon nan lide pou renouvle pèsonèl politik peyi a.

PADEINHA ap di nou paka lage avni peyi an nan men 7 pati politik ki fòme konsey prezidansyèl la.

Direktwa PADEINHA toujou kwè ke kou kasasyon an se te meyè mwayen pou rezoud kriz la malgre kominote entènasyonal la enpoze peyi a yon konsèy 7 manm .

PADEINHA vle fè tout popilasyon an sonje Kijan l te enplike l, pandan plizyè lane, soti sou administrasyon Martely, Jovenel Moïse, rive sou gouvènnman Ariel Henry a , nan tout mobilizasyon ki vize fè respekte konstitisyon 1987 la ak aplikasyon atik 149 la ki te sèl zouti legal pou rezoud kriz la san polemik, san chire pit.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *