1 mai 2024

Jean Enock Joseph kwè opsyon Konsèy Prezidansyèl la se sa ki mwens mal la

Ayisyen gen anpil problèm
Yo poko enstale yap vyole atik nan akò yo fenk siyen an.

CPT a pa meyè chwa pou peyi a. Tout moun ki gen bon sans konprann sa.

Ann site 2 nan pil enkonvenyan li genyen yo;

1.) Li konsakre dominasyon letranje sou Ayiti nan yon moman kote anpil peyi an Afrik ap retire grif loksidan sou yo .

2.) Ayisyen ki nan politik ki pase nan tèt peyi a manke ledikasyon pou yo fonksyone an konsèy anplis de Echèk konsèy prezidansyèl 1956 ak 1986 la, nou gen egzanp konsèy minisipal yo kote prezidan yo / Majistra yo aji tankou se yo sèlman ki konsèy la, malgré lalwa dikte Kijan pou yo aji .

Malgre tout enkonvenyan sa yo anpil moun reyalize CPT KARIKOM/USA a se pi bon nan 3 sak sou tab la, Mwen kwè sa tou

Lèm konnen pifò moun ki konpoze konsèy la se materyo non resiklab men yo fòse resikle bagay la konplike pou peyi m nan, sityasyon yo tèt anba pou pèp mwen an.

Sak pase yè pou eleksyon pòs Prezidan an ki pa fèt la se yon avangou Sak pral pase.

Sèl Jan pou n pati ak yon ti kal lespwa pou CPT sa pa pi mal ke Gouvènman Ariel Henry a ; poul vi n yon PHTK 4e Vèsyon se pou n ta jwen yon fason fòse yo aplike 5 pwen sa yo :

1.- Tabli yon SISTÈM PREZIDANS ROTATWA yo gen 21 mwa pou rive 7 fev 2026 yo chak ap fè 3 mwa preske menm jan ak KARIKOM.

2.- Mete yon SISTÈM KONTRÒL ki se yon asanble 22 Manm, 2 pou chak Depatman, 2 pou Ayisyen kap viv andeyò peyi a . Yap kontrole tout Aksyon gouvènman Sitou delè yo.

3.- Pou ASANBLE KONTRÒL la bay yon fèy de wout ki fikse yon fason klè ak reyalis kisa EGZEKITIF la ap gen pou fè chak mwa. Depi yo pa fèl mete yo atè ranplase yo pa lòt moun sektè yo ap voye ankò .

Egzanp ; Nan 90 jou si tout wout pa lib e libè SAN PEYAJ, nan fen manda premye Prezidan konsèy la, mete tout CPT a atè pou initil. Ou pa ka ap touche san travay .

4.- Pa kite Manm CP ak sektè yo mete moun ni nan meri ni nan delegasyon ak vis delegasyon pou gen ekilib nan eleksyon yo.

5.- Reglemante depans yap fè pou yo, pa ba yo salè, pil kòtèj ( Maksimom 3 machin) si yo vle touche yon salè yap pran yon pòs minis. Ayiti pa gen Lajan pou tout briganday sa.

Siw pa vle pèdi peyi a !!!
Pataje pòs sa poul rive anba je tout sektè nan peyi a, san sa Mesye sa yo , paske pa gen fanm nan 7 la ki se deja yon problèm ap foure Ayiti nan trou pirèd .

Jean Enock JOSEPH

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *