29 avril 2024

Stive Claude Helvio Petit .: Yon pèsonalite yon modèl

Stive Claude Helvio Petit di bonjou ak mond sa 7 oktòb 1979, li se moun Jan Rabèl nan depatman Nòdwès, li fè etid klasik li nan Pòtoprens kolèj Kanado Ayisyen.

Stive Claude Helvio Petit etidye travay sosyal nan fakilte Syanzimèn Inivèsite Leta Ayisyen nan lane 2003, Relasyon Entènasyonal toujou nan Inivèsite Leta nan lane 2007, Petit etidye Lang Etranje nan Inivèsite dè zantiy ak Giyan, li etidye Syans Jiridik toujou nan Inivèsite Leta, li pran fòmasyon nan Devlopman Dirab nan Inivèsite Laval.

Stive Claude Helvio Petit se pwofesè syans sosyal, li ansenye nan Lise Pierre Eustache Daniel Fignolé, li se yon kad nan Ministè Afè Etranjè, li se travayè sosyal tou nan Foanj.

« Pwofesè Stive Claude Helvio Petit se yon moun ki saj, ki renmen moun, ki renmen amitye, se yon moun ki koul, li se moun tout moun, li toujou vle ede, ki toujou pran tout sa lap fè oserye e li se yon modèl pou tout elèv li ak moun ki travay ak li.» selon kèk moun ki pwòch li

Nap raple w Stive Claude Helvio Petit, se yon responsab fanmi li marye ak Midsuka D Petit. Li se yon pasyone pou edikasyon ak foutbòl.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *