29 avril 2024

Kesner Pharel .: Yon vi konsakre ak ekonomi pou sèvi Ayiti

Kesner Pharel gen yon metriz nan administrasyon espòtiv nan inivèsite Lyon, yon metriz nan administrasyon piblik nan inivèsite Harvard. Li gen yon lisans nan syans ekonomik ak syans politik nan inivèsite George Washington.

Yon vi dedye ak ekonomi

Pou anpil moun yo te rele Kesner Pharel « Mesye ekonomi », malgre se yon kalifikatif ki parèt modès lè wap pale de Kesner Pharel, inivèsite, sektè prive, administrasyon piblik, radyo teledifizyon, Kesner Pharel dedye vi li ak ekonomi, swa nan fè tout kouch moun nan sosyete a konprann langaj ekonomi an, alète popilasyon an sou enterè ak menas ekonomik.

Kesner Pharel se konferansye, pwofesè inivèsite, li se prezidan epi direktè jeneral Group Croissance S.A, li se kòmantè ekonomik nan plizyè medya, prezantatè emisyon Randevou Ekonomik nan Tele Métropole, li fè pati konsèy administrasyon inivèsite Notre Dame, li fè pati konsèy administrasyon otèl Royal Oasis, li se vis prezidan Fondasyon Ayisyèn Ansèyman prive (FONHEP).

Kesner Pharel gen plis pase 30 lane lap fòme moun nan ekonomi, plis pase 20 lane nan radyodifizyon ak kronik ekonomik. Depi 1994 ak Group Croissance yon fim konsiltasyon nan ekonomi, nan finans, nan jesyon ak nan teknoloji. Kesner Pharel se non sèlman PDG li se responsab rechèch ak devlopman.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *