1 mai 2024

Eurika JEAN .: Yon modèl angajman pou yon lòt Ayiti

Eurika Jean fèt nan kapital Pòtoprens nan lane 1988, li grandi nan depatman sidès nan yon fanmi 6 pitit, 3 frè ak 2 sè, nan yon lokalite ki rele Platon Gloslin nan zòn Mabyal komin jakmèl.

Eurika fè etid klasik li Jakmèl ak Pòtoprens, li fè etid inivèsitè, inivèsite Quiskeya nan Toutis ak Otelri, Kominikasyon Dijital ak Maketin nan Inivèsite Montreal. Eurika pran plizyè fòmasyon nan plizyè lòt domèn tankou, antreprenarya, penti, elatriye.

Yon modèl fanm angaje

Eurika Jean patisipe nan pran anpil angajman pou batay pou yon lòt Ayiti, li patisipe nan fè fòmasyon pou jenn, nan fè aktivite pou entegre moun nan vi kominotè, nan ede jenn fanm pran bon direksyon ak lavi yo pou yon demen miyò.

Eurika se sekretè jeneral ANGAJMAN, yon òganizasyon kap goumen kont enjistis sosyal, ki mache nan tout kwen nan peyi a pou pote lespwa lakay moun ki plis majinalize yo, epi fè fòmasyon pou tout kouch moun nan sosyete a.

Yon militant san parèy

Eurika se konsiltan / fòmatris nan CEDEL Haiti nan lide pou ede moun kap evolye nan antreprenarya an Ayiti. 2 me se dat anivèsè li, pou lane 2022 a, Eurika te deside pa fete epi konsakre dat sa ak yon koz sosyal, kote l te mande tout moun kite anvi ba li yon kado fè konbit ak li pito pou ede yon kominote Jenn nan komin Gresye. Eurika toujou fè pati yon ekip ki òganize yon aktivite pou kolekte san, pou anpeche moun kontinye ap mouri lopital paske yo paka jwenn ti gout san. Eurika fè pati ekip Gwoup Konbit ki ap òganize Konbit Soup Joumou chak premye janvye pou ede moun ki pa gen posiblite pou fè soup jwenn ti soup pou bwè epi tou fè retwouvay ak gwoup moun ki ap fè sa ki pozitif nan peyi a.

Eurika Jean yon modèl pou tout jenn fanm kou gason nan fason li angaje pou yon lòt sosyete

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *