29 avril 2024

Ayiti Maketing: syd podcast, yon lòt manyè pou fè maketing pi pwofesyonèl

Si w ta antre nan anpil lekòl pwofesyonèl, teknik oubyen nan kèk Inivèsite, w ap jwenn anpil jèn enterese ak maketing ak tout antreprenarya. Anpil jenn fanm ak jenn gason ki konekte ak rezo sosyal yo, anpil itilize l pou non sèlman kreye biznis men tou bay fòmasyon an liy, sou sa ki gen rapò ak maketing, elatriye. Syd podcast, se you nan espas sa yo ki la pou akonpanye jèn nan domèn maketing tou ak lòt bagay ankò e ki anba kontwòl Youncey Shécania Delsoin ak ekip li.

Youncey Shécania Delsoin, gen yon espesyalite nan “maketing,  management ak relasyon piblik”. Anplis de sa, li enplike anpil nan aktivite sosyal, atravè “Yoonick Fondasyon” k ap evolye nan zòn Plèn nan, nan komin Kwadèboukè. Atravè Fondasyon sa a, espesyalis la travay ak jèn ak ti moun nan ba yo bon jan fòmasyon, sa k ap pèmèt yo devlope kapasite refleksyon yo pou yo kapab grandi e devlope pwòp tèt yo.

Nan kad aktivite sosyal li, madam Delsoin mete kanpe tou yon pwogram ki batize “M ap evolye”. Atravè pwogram sa a, li bay jèn sa yo ki anba kontwòl li konsèy ak teknik yon fason pou kapab entegre lavi a nan fason yo kapab. Ede jèn yo grandi nan tout nivo, se youn nan prensipal misyon manadjè Youncey bay tèt li.

Syd podcast ki sa l ye?

Ko-Animatris emisyon “Focus Marketing” nan sou radyo Ibo, Youncey Shécania Delsoin, fè konnen e n ap site, Syd podcast la se yon aktivite ki enskri tèt li nan sa ki gen pou wè ak fòmasyon e ki la tou pou ede moun grandi nan domèn maketing tou. Sijè tankou maketing dijital, maketing evenmansyèl, pou n site sa yo ase, se kèk nan yo li trete nan syd podcast, pou kapab ede moun ki entèrese ak sektè sa a antre tèt yo ladan l pi byen.

Anpil moun ki nan sektè zafè, pwodiksyon osinon biznis an jeneral, ta dwe gen yon konesans nan domèn maketing, yon fason pou yo kapab pi byen vann pwodwi yo osinon vann tèt yo ak gran piblik la. Se youn nan travay ekip syd podcast la fè tou. Ede moun agrandi kapasite teknik ak pwofesyonèl yo, pandan y ap jwenn fòmasyon solid, sa k ap ede yo ale pi lwen nan domèn sa a.

Daprè sa Youncey Delsoin pataje ak redaksyon Kayimit News, syd podcast fèt nan tèt kole ak “Podcast Ayiti” epi “Syd firm management ak marketing”. Se yon antrepriz ki li menm la pou bay konsiltasyon ak antrepriz, pou moun tou ki bezwen jere imaj pèsonèl yo.

Mesye dam sa yo bay konsèy sou maketing, pwodwi dokiman e anplis wè plan maketing ke yon ekip genyen. Kidonk se “Syd firm management ak maketing” ki vin bay nesans ak syd podcast la, toujou daprè sa animatris la deklare.

Jwenn yon platfòm pou akonpanye w nan kad yon pwojè biznis w ap lanse oubyen yon asistans pou jwenn konsèy ak lòt teknik an Ayiti nan sektè biznis pa fasil. Sydpodcast, daprè Youncey Shécania Delsoin, li pa limite ak okenn moun oubyen gwoup ki nan nesesite paske se pou sa espas la kreye menm.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *