1 mai 2024

Delane Ticket.: « Tragédie de l’année », Ant mechanste ak inyorans

Palmarès se yon mo maskilen laten ki vle di : lis loreya, distribisyon pri(rekonpans, distensyon) pou yon siksè, pou yon eksplwa. Depi yon bon bout tan ak evolisyon rezo yo anpil medya bay chak ane (Palmarès/ prix de l’année).

Ticket Magazine yon n nan magazin ki pi ansyen nan peyi a chak ane toujou mete pwojektè sou anpil moun li estime ki t ap regle yon aktivite serye pou l rekonpanse l nan Delane Ticket.

Ane sa pou anpil moun Ticket tonbe plat atè lè l deside mete « Tragédie de l’année : Mort de Mikaben ». Pou anpil moun se pa premye fwa ticket ap fè betiz nan delane l yo men ane sa, se yon bagay ki depase grav.

Vanessa Fanfan madan Mika reyaji sou estati instagram li « Medya ayisyen yo pa janm sispann etone m, Mika te toujou yon senbòl lapè, yon imanis egzanplè, yon gwo travayè, yon jeni nan mizik, yon modèl, li se atis ki pi pwolifik ki janm soti Ayiti… poutan nan tout reyalizasyon li yo, ticket pa janm onore li, se sou sa yo deside fè li. Sa nou fè a degoutan e li menm mechan. »

Malgre Karoll Fanfan yon pwòch fanmi Mika te mande piblikman pou ticket siprime piblikasyon sila menm jan ak atis Shabba nan yon video ak gwo mo blesan te salanbe ticket epi mande l retire l.

“Depi Rony Celestin aksyonè nan vye bagay Max Chauvet sa a li pèdi tout valè li .ki lè bagay delane sa te konn Gen trajedi ladan ? Bon Poukisa yo pa bay masak delane ak tout masak Ayiti yo? Poukisa yo pa bay gouvènman miki gouvènman machann dwòg delane? Poukisa yo pa bay Izo kidnapè delane ? Bann sanwont ,kòb rony Celestin an ki fè nou Gen madichon. Nèg sa yo pa respekte lejand Mika menm non” ekri John Colem Morvan sou BBJ.

Menm jan pou anpil gwo pèsonalite tankou Fernando Estime, John Colem Morvan, paska santi yo vekse, yo fè konnen ticket se yon atak li fè sou fanmi Mika ak sou peyi a.

Nap raple w se pa premye fwa ticket magazin ap desevwa anpil moun kap swiv yo, piblikasyon sila ki gentan gen yon jou, gen anviwon 3 mil reyaksyon, 1140 kòmantè ak 91 pataj, menm pa aksidan nou pa gen chans tonbe sou yon kòmantè ki pa kritike amèman zak ticket magazine lan.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *