29 avril 2024

Tele Metropole reyalize yon emisyon ki konsakre ak Fernando Estime

Televizyon Métropole ki se yonn pami pi gwo ak pi ansyen chèn tele an Ayiti reyalize yon emisyon espesyal ak Fernando Estime ki se pi gwo sipòtè medam yo nan koup dimond Ostrali ak Nouvèl Zeland 2023.

Televizyon Metwopòl akeyi Fernando ak tit “Mister Haïti, Fernando ESTIMÉ fan le plus célèbre de la Coupe du Monde Féminine de Football”. Aprè reyalizatè Fifa yo ak plizyè chèn televizyon etranje te fokis sou Fernando.

“Alò se yonn nan premye fwa yon gwo chèn televizyon Ayiti 🇭🇹🇭🇹 🇭🇹 lakay nou ba nou gwosè onè sa. Sa touche mwen anpil. E sa fèm plis plezi ankò se pou jan mwen vann bon imaj de Ayiti nan yon gran lakou tankou Koup dimond foutbòl ki se yon evènman planetè Lemond antye ap swiv.” se sa Fernando Estimé ekri sou paj facebook li.

Don nan kontinye pou li di “Mèsi tele metwopòl, m tou di Sofitel voye pi bon boutèy la monte 😄😄😄🥂🥃”

Nap raple w Fernando Estime te toujou remake pandan tout match Ayiti yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *