29 avril 2024

Jhonny Ferdinand yon jounalis angaje

Jhonny Ferdinand fèt epi grandi nan depatman Latibonit nan komin Gonayiv.

Jhonny Ferdinand se yon jèn jounalis ki te kòmanse fè non li antanke repòtè ki te konn trete anpil sijè sansib, sijè amè pou yon gwoup moun nan peyi a. Jhonny Ferdinand pou kounye a koprezantatè jounal ki pi popilè nan Radyo Televizyon Karayib ki se Jounal Premye Okazyon anpil moun konnen nan non Gran Boulva.

Yon Jounalis Angaje Asime

Jhonny Ferdinand toujou bay pozisyon l nan tout sa ki ap pase nan lavi nasyonal la, epi souvan pran pozisyon bò kote popilasyon an k ap soufri depi yon bon bout tan anba men dirijan iresponsab, gang ak sektè prive sousèt, politisyen restavèk yo, polisye konplis ak tout gwoup moun ki patisipe nan yon nivo ou yon lòt nan kraze peyi a.

Jhonny ferdinand toujou denonse tout zak malonèt san rezèv sitwayen yo ap sibi anba kriminèl san fwa ni lwa nan peyi a. Swa nan denonse polisye k ap fè abi, swa nan montre iresponsabilite leta, swa nan esplike jan bandi yo kontwole katye yo, se yon ansanm angajman riske jounalis la toujou pran.

Jhonny Ferdinand pa sèlman angaje l kòm jounalis men nan anpil aktivite sosyal ak kominotè sitou lakay li nan komin Gonayiv, sitou nan espò kote li se responsab kominikasyon nan yonn nan klèb vil Gonayiv kise “Racing Club de Gonaive”, patisipe nan komite òganizatè chanpyona “Papayo Super 8” ak anpil lòt ankò.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *