29 avril 2024

André (Dadou) Pasquet yon lejand vivan

André (Dadou) Pasquet fèt yon 19 out nan lane 1956 an Ayiti, nan yon fanmi 7 timoun li se dènye, Dadou kite Ayiti a 12 zan lè fanmi l te deside ale viv Etzazini nan lane 1968. Li leve nan yon anviwonman mizikal sitou ak yon tonton li Dòdòf Legros ki te chantè, konpozitè, Dadou te swiv tras li kòm modèl.

Yon lane an apre Dadou te gentan ap jwe kòm mizisyen nan dyaspora. An 1970 Jacques Souffrant ki se kouzen Herman Nau yonn nan fondadè gwoup Tabou Combo pwopoze Nau pou rekrite Andre (Dadou) Pasquet nan gwoup la aprè Albert Junior Chancy kite gitaris gwoup la te ale enstale li Monreyal pou l te kapab fini etid inivèsite li. Dadou rantre nan Tabou Combo a 15 zan kòm gitaris, li fè 6 lane, Dadou te vin gwo sipèsta gita ak gwoup tabou combo sitou ak mizik “Jinyò” ak “Jislèn cheri” nan lane 72 yo.

Aprè Dadou fin kite Tabou Combo li fonde gwoup Magnum Band kote li se mayestro, chantè, gitaris gwoup sila. Magnum te pami gwoup ki te plis inovatè nan lane 70, 80 yo, yon renome entènasyonal malgre anpil moun nan kominote ayisyèn nan pat fin renmen tandans mizikal yo paske yo te twouve li te twò jazz, li te twò difisil.

Dadou se yon jeni nan koze mizik, yon lejand, yon gran mizisyen, li pami moun ki plis inove nan mizik kòm ayisyen, se yon gran kreyatè otantik.

Dadou fonde Magnum nan inivèsite li Staten Island College kote l tap etidye, ak anpil anbisyon milye sila ki favorize Dadou ale pi rapid nan siksè gwoup la. Pwisans nan kreyativite, volibilte yo nan sedwi fanatik, nivo lidèchip ak enfliyans, epi yon melanj mizik lokal ak karibeyen « rege ak kalipso » se yon modènite nan « Jazz, blues, funk » ak anpil lòt ankò. Kote li fè yon melanj etonan ak ritm konpa tankou : « Experience », « Jehovah », « Chèche lavi », « The best in town », « Island », « Sans frontière », « Congo nan vodou ».

Dadou soti plis pase 14 albòm ak gwoup Magnum Band : Experience an 1979, pike devan an 1981, Ashadei an 1985, Adoration an 1980, Oulala an 2004, sakalakawè an 2008 ak anpil lòt ankò.

Lis mizik ak siksè Dadou Pasquet long anpil, se pa fasil pou w pale de tout nan siksesyon panoramik li, pou w mete an evidans tout siksè aprè siksè, toune aprè toune entènasyonal. Dadou se yon eritaj yon melaj relijyon Krisyanis, vodou, islam.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *