16 mai 2024

Marquise Ferjuste, yon sitwayèn ayisyèn ki angaje nan batay pou Dwa fanm

Marquise Ferjuste se militant feminis pou yon sosyete ayisyèn ekitab, li te deja reprezante Ayiti nan yon rankont echanj sou kesyon lidèchip fanm depatman ameriken te finanse. Marquise travay nan domèn dwa fanm ak timoun nan ministè afè sosyal.

Ansyen etidyan fakilte etnoloji nan antwopo-sosyoloji a ak ansyen etidyan syans jiridik fakilte Dwa pòtoprens la di li deside enplike li nan batay pou dwa fanm yon fason ki estriktire depi nan lane 2010 apre tranbleman tè a, apre li te fin fe yon eksperyans ankèt avek PNUD nan kan yo sou kesyon vyolans sou fanm.

Se nan lide sa li fonde “Collectif des Femmes Universitaires Haïtiennes (COFUH), ki genyen kom misyon batay pou respe dwa fanm nan sosyete a.

Poukisa angajman sa?

Marquise Ferjuste deklare li se yon sitwayèn ayisyèn ki konsyan sou pwoblèm kap fè raj nan sosyete a, e li paka rete endiferan. Pami ladan yo, pwoblèm fanm yo atire atansyon li pi plis, paske sosyete a wè fanm yo tankou yon gwoup apa.

“M vle sosyete a konprann avan tou fanm yo se moun. Lè yo di fanm ak timoun/tifi, se moun avan tou ki dwe vini nan lespri kèlkeswa moun ki sanse a. Avan menm yo wè sèks la, avan menm yo wè minorite a”, se deklarasyon manman 2 pitit fi a.

Marquise vle montre otomatikman yo wè moun, panse ak dwa yo dwe yon premye siyal pou mennen a respè dwa sila yo. “Mwen estime m dwe sosyete a sa nan mezi m kapab poum kontribye menm se a travè kanpay sansibilizasyon pou moun yo konnen kisa dwa yo ye men tou devwa yo”.

Pou fanm 35 lane sila a, se yon devwa pou li ye, non selman kom fanm, men tou kon sitwayen ayisyèn pou li travay an favè respè dwa moun kidonk dwa fanm.

N ap raple, Marquise Ferjuste te reponn Alexandre Telfort ki te ekri yon lèt tou louvri pou Ayiti. Nan repons li a, Madanm nan di Telfort, si lontan Ayiti te konn jwenn kèk moun ki konn ap fè ti rechèch pasi pala pou vini ak kèk diskou pou chanje sa, jodi a, se yon zafè “Bwa kale” k ap pale nan zòrèy li. Menmsi se plen midi, se tout kote w tande moun ap simaye pawòl piman bouk, yon bann eslogan san sans k ap detounen atansyon moun.

Marquise di Telfort li pa bezwen pèdi lespwa tou. “Pa pèdi lespwa paske Ayiti se menm Ayiti a, menm peyi ki te la anvan an, patri ki la pou tout tan an. Mwen santi m fonn e tris devan lèt ou a. Sa touche m jouk nan zo lè m gade kouman soufrans lan make nan tout kò w nan tout vizaj ou”.

Sherlande Michel

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *