1 mai 2024

Si gen 2 moun ki plis make mondyal la se Kerly Théus ak Fernando ESTIMÉ

Si gen 2 moun ki plis make mondyal la se Kerly Théus ak Fernando ESTIMÉ selon Theriel Thélus.

Gen 2 ayisyen ki plis make koup dimond foutbòl medam yo nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland selon jounalis Theriel Thelus. Se gadyèn seleksyon an ki se Kerly Théus ak Fernando Estime.

Nan moman prezantatè emisyon Ti koze ak TT a t ap akeyi Fernando nan emisyon li andirèk. Jounalis popilè a pwofite raple natif latibonit lan se yonn nan sipòtè ki te plis remake pandan premye tou konpetisyon an.

« Fernando Estime zanmi pa m, peyi a fyè de ou, ou byen reprezante nou, jenès maskilen an fyè de ou… » se ak mo sa yo Theriel Thélus te akeyi Fernando Estime.

Nap raple w nan emisyon an Fernando pwofite remèsye medam yo pou angajman yo pou peyi a, pou drapo peyi a yo fè flote byen wo, e li pale tou jan sa yo enpòtan pou yon peyi, sa yo se gwo opòtinite pou peyi a men malerezman dirijan yo pa eksplwate.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *