1 mai 2024

Koup Dimond Ostrali Nouvèl Zeland : Fernando Estime an gran plan sou plizyè chèn televizyon

Nan plen match Ayiti fas Lachin nan kad dezyèm jounen faz de pou l nan 9èm koup dimond medam yo, nan peyi ostrali plizyè chèn televizyon ki t ap difize match la mete Fernando Estime an gran plan plizyè fwa nan moman match la tap dewoule.

Fernando ki toujou pran yon abiman ki toujou atire atansyon tout moun, lè l toujou deside abiye ak rad Ayiti soti nan tèt pou rive nan pye.

Depi nan kòmansman nan yon video Tickets magazine pibliye, yo filme yon retransmisyon kote Fernando t ap filme yon gwoup timoun ki vin gade match la.

Nan plizyè lòt kapti nan plizyè chèn televizyon etranje yo montre Fernando ki ap viv match la ak yon pasyon ki louvri 2 bra li.

Nap raple w Ayiti pèdi pou yon dezyèm fwa toujou yon gòl a zewo e sou penal ankò.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *