19 mai 2024

Ayiti/Manifestasyon : ouvriye, ouvriyèz pile beton an ankò

Yon lòt sekous manifestasyon tanmen jounen mèkredi 23 fevriye a nan divès ri nan Pòtoprens. Ouvriye ak ouvriyèz SONAPI yo fwape pye yo atè pou boude desizyon gouvènman ki plase 685 goud kòm kòb jounen travay yo koute yo alòske mesyedam yo egzije pou yo peye yo 1500 goud pou yon jounen. Se nan lide sa, manm sendika, ouvriye ak ouvriyèz yo t ap kriye nan tout lari pòtoprens pou di 685 goud lan twò piti lè y ap konsidere tout bagay yo ki monte tèt-nèg nan peyi a.

Mèkredi 23, Jedi 24 ak Vandredi 25 fevriye se 3 jou mobilisayon manch long sa yo pou mande gouvènman Ariel Henry an pou l plase salè minimòm ouvriye ak ouvriyèz yo a 1500 goud, se sa Télémaque Pierre, yonn nan majò dyòl mouvman an te anonse. E jou mèkredi 23 fevriye a se premye jounen an kote yo deklare y ap kontinye jouktan gouvènman fikse salè a 1500 vous jounen travay.

Kriz ouvriye faktori yo sanble poko ap rezoud malgre premye minis ayisyen an Ariel Henry anonse gouvènman mete yon ti kaka aran sou 500 goud ouvriye ak ouvriyèz yo t ap touche avan pou jounen travay yo. Pou eksplike, olye 500 goud, gouvènman fè konnen moun k ap travay nan soutretans yo ap vin touche 685 goud pou yon jounen travay. Men desizyon sila la pa bwannen mobilizasyon ouvriye yo ki reklame 1500 goud kòm salè minimòm.

Desizyon gouvènman ki fè kwè ouvriye faktori yo pral touche 685 goud lan se yon wont pou gouvènman an daprè sa responsab sendika ouvriye Télémaque Pierre fè konnen. Li kontinye pou fè konnen 685 pyas la pa ka reponn ak bezwen moun yo pandan yon jounen.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *