1 mai 2024

Koup dimond feminen Ostrali- Nouvèl Zeland : Fernando Estime nan somè gran sipòtè

Gran plantè latibonit lan Fernando Estime nan somè gran sipòtè

Aprè lansman ofisyèl koup dimond feminen 2023 ki ap òganize nan peyi Nouvèl Zeland ak Ostrali. Fernando Estime ki deja prezan nan peyi nouvèl zeland ki te asiste ak seremoni louvèti a jodi jedi 20 jiyè 2023 nan Eden Pak nan Okland nan peyi Nouvèl Zeland, plizyè pèsonalite salye diplomatik ayisyen an ki toujou sipòte kilti li.

Platfòm BBJ (Bat Bravo Pou Lajenès) fè konnen pa gen moun ki renmen peyi a pase Don nan « Ou ka renmen Ayiti tou men pa pase Don DODO! Don Nan reprezante peyi a Nan defile ouvèti koup dimond feminen an ak tout zokòt li kise madanm ni ».

Sou menm piblikasyon Fernando te pibliye sou paj facebook li jounalis popilè Theriel Thelus pataje li epi fè konnen se Don nan k ap mennen. « Don Dodo k ap fè koze Isi ! ».

Nap raple w se pa premye fwa se chak gwo evenman fokis la toujou sou Don nan paske l pa janm rate yon segonn pou l pa prezan epi vann ak fyète kilti peyi li.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *