26 avril 2024

Jean Jean Roosvelt rann omaj ak Netty

Antoinette Duclair anpil moun te konnen sou non Netty ki te fèt nan komin Chantal 31 oktòb 1987 epi asanen 30 jen 2021, nan zòn kriswa nan moman li tap rantre lakay li.

“Netty !!! Albòm nan fini, ou pa la pou tande l, chanje kèk mo, chanje kèk fraz, ou pa laaa, echanj nou yo nan estidyo, enèji ou, tout sa manke m anpil, tout sa ap dechire m” se ak mo sa yo atis Jean Jean Roosvelt kòmanse premye mizik sou dènye albòm li ki titre Ayiti.

Netty se non premye mizik sou dènye albòm Jean Jean Roosvelt la, yon omaj frakasan atis la rann ak bon zanmi l Netty.

Ant zanmitay, kolaborasyon, militantism

Jean Jean eksprime jan zanmitay li ak Netty te sere, jan li te konte nan karyè mizikal li, ak nivo angajman Netty pou yon lòt Ayiti.
Netty te toujou nan estidyo ak Jean Jean, travay sou tèks mizik li yo, jan l te enpòtan nan karyè li.

« Nou pap bay Vag » pawòl Netty toujou gen nan bouch li, chak fwa yon moun nan antouraj li ta vle abandone.

Jean Jean Roosvelt mande pou lespri, fòs li, enèji l, toujou akonpanye l nan tout konba li yo.

Nap raple w Netty yon mizik Jean Jean ki plase an premye pozisyon sou albòm 13 mizik ki rele Ayiti ki soti 1er janvye 2023.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *