16 mai 2024

Komès Ayiti – Sendomeng: Minis endistri ak komès la Victor Bisono fè konnen grangou tap touye ayisyen si fwontyè a rete fèmen

Victor Ito Bisono ki se minis komès ak endistri Sendomeng fè konnen jodi mèkredi 30 novanm 2022 a, lè fwontyè a fèmen li fè ayiti plis mal, li presize gen 2 fason pou ou gade sa : “Ant manje pou rete vivan oubyen vann manje, mwen plis kwè lavi an premye. Sa vle di se yo ki plis touche”. selon minis la.

Nap raple w, sitwayen nan Wanament te fèmen fontyè wanament lan pou anpeche pwodwi ki ap rantre Ayiti ki soti Sendomeng pase sou fwontyè a, pou pwoteste kont move tretman ayisyen ap sibi sendomeng, nan plizyè video ki t ap vire sou tout rezo yo, ki montre anpil manje dominiken ap gate nan moman yo te fèmen fontyè a.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *