1 mai 2024

Kimberly Pierre rann omaj ak Fernando Estime

Kimberly Pierre rann omaj ak Fernando Estime e pwofite rale zòrèy kèk konfrè jounalis li twouve k ap fè ipokrizi

Kimberly yonn nan pi gwo jounalis espòtif ayisyen ki trè popilè. Nan show li toujou fè sou platfòm « Kimberly Pierre Officiel » yo, li te pran plizyè minit pou l pale de Fernando Estime nivo angajman li, pasyon l pou espò an jeneral, e kapasite l genyen sitou nan kilti jeneral pou li esplike ak fasilite istwa tout peyi kijan sa lye ak espò.

Natif Leyogan nan fè konnen li ap swiv Fernando Estime depi nan RTVC ak emisyon Sans Frontières, rive nan peryòd Covid-19 jan li te konsakre li pou l fè tout ayisyen kèlkeswa kote yo ye konprann danje ki genyen nan Covid-19 la epi toujou ankouraje yo pou pa fè kenn ti neglijans.

Kimberly kontinye pou li pale jan Fernando renmen espò, jan l renmen peyi l, jan li toujou vann kilti l nan tout konpetisyon espòtif li ale patisipe. « Fernando toujou ale patisipe nan konpetisyon yo ak lajan pa li, san se pa gouvènman ki voye li, malgre se pou plezi l ak ti vakans li men tout moun wè nivo lanmou li pou peyi li. »

Jounalis radyo ibo a kontinye toujou pou li blame plizyè konfrè jounalis ki sanble ta wè Fernando kòm konkiran paske l te nan yon lòt medya, ki yo menm pa mansyone nan moman match yo lè reyalizatè yo fokis sou Fernando kòm ayisyen. « Anpil jounalis ipokrit anpil li pa fè okenn sans pou n pa ka salye Fernando kòm ayisyen nan moman televizyon yo fokis sou li, se ayisyen avan tou, nou dwe apresye lè moun ap fè efò ».

Kimberly raple Fernando te pwopoze pou ede seleksyon an pou jwenn mwayen pou ale nan koup dimond e li te di l ap bay 10 mil dola ameriken kòm kontribisyon si gen lòt moun ki vle ede.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *