16 mai 2024

CDMF2023: Sportv di Fernando Estime achte estad la

Fernando Estime se non epi imaj ki tchenbe atansyon tout gwo medya epi sipòtè balon won an. Aprè pase nan plizyè chèn televizyon pandan plizyè fwa nan plizyè match seleksyon ayisyèn nan, chouchou tout nasyon an Ostrali ak Nouvèl Zeland.

Medya yo pa sispann pale de li, se kou pa Sportv ki se yonn nan pi gwo medya nan amerik la, pou l esplike tout moun ak fasilite kijan yon moun ka yon bon fanatik, men kijan w dwe chofe peyi w sepleman ak yon foto Don nan. « Esse amigão aì tá roubando a cena nas arquibancadas!… Se konsa moun chofe peyi ou, ou jis achte estad la ou fini… » se sa Sportv ki nan Grupo Globo ki se pi gwo Conglomérat Media nan tout amerik latin nan.

Pou selebre sa Fernando Estime pa kache gratitid li ak medam yo li twouve ki bal gwo opòtinite sa pou l chofe peyi l nan wo nivo konsa. « Mèsi ak medam yo ki te banm okazyon pou mwen souke drapo peyi mwen nan tout gwo medya sa yo… » se sa li ekri sou pa facebook li.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *