1 avril 2025

John Colem Morvan .: Ant lansè alèt ak sipòtè prizonye

Depi plizyè lane John Colem Morvan fè pati lis moun ki popilè sou entènèt la ak platfòm li ki se Bat Bravo pou Lajenès, gras ak travay denonsyasyon li bay tèt li misyon, pou fè kont tout moun nan sosyete a kap fè move zak, oubyen ki patisipe nan gagote lajan nan leta, mete sa nan lari sou plas piblik.

Wi li pa jounalis, li jwe wòl anketè, antikòripsyon, yon Lansè Alèt enkontounab. John Colem Morvan toujou lanse enfòmasyon enpòtan sou konplo politisyen, òm dafè, gang ak moun nan sosyete sivil la ki se move je ki anpeche bon fonksyonman sosyete a.

Enpòtans denonsyasyon nan sosyete a

Morvan mete anpil sekrè nan gran chimen, anpil blofè devwale, sa lakoz anpil moun ki nan move zafè pa gen dòmi nan je, sa ki fè sosyete a koumanse wè a klè anpil moun li te fè konfyans, ki te parèt enpòtan nivo kriminalite yo.

John Colem Morvan yon sipòtè prizonye yo

Aprè tout sèvis lansè alèt la rann sosyete a nan denonse vakabon, li ale pi lwen nan sipòte moun ki pi fèb yo, swa nan ede prizonye ki pa janm pase devan jij oubyen nan bay prizonye yo manje.

John Colem Morvan peye yon restoran pou li pote manje bay prizonye nan penitansye yo chak jou, sa ki fè prizonye yo ka gen aksè ak bon manje epi bwè ji chak jou.
22 desanm pase a John Colem Morvan òganize yon bifè pou timoun ki nan prizon fòdimanch, kote yo manje, bwè, danse ansanm.

Nap raple w John Colem Morvan te fèt Ayiti, epi grandi Ayiti aprè li ta pral deplase pou ale viv kanada pou kounya li natiralize kanadyen.

Partager
Isaac Léo

La rédaction

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de La rédaction →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *