1 mai 2024

Fernando Estime – Drapo Ayiti 🇭🇹.: Yon istwa damou, trè benefik pou Ayiti

Fernando Estime, nèg Latibonit se diplomat, pwofesè nan inivèsite, prezantatè.

Fernando Estime anpil moun rele Don Dodo, toujou montre lanmou li pou Ayiti, nivo patriyotism li vizib pou tout, nan fason li pale ak nan aksyon li poze, tout kote li pase.

Yon lòt fwa ankò pandan plis pase yon mwa, nan peyi Qatar, avan, pandan e aprè koup dimond lan. Fernando Estime pa janm detache ak drapo ble e wouj la, ni istwa ak kilti peyi li Ayiti.

Fernando Estime pale ak anpil nasyon ki te nan koup dimond lan, li prezante yo Ayiti, montre yo drapo ble e wouj la, pale yo de istwa nou. Rejwenn fyète nou lè li rankontre ak fransè, maroken ak lòt nasyon ki konnen epi fyè de istwa Ayiti, kòm papa libète tout pèp nwa.

Enjenyè Moreno Jean Baptiste, yon enfliyansè anpil moun renmen, fè konnen, travay Fernando Estime fè nan peyi Qatar li depase travay yon anbasadè, li eksplike se yon gwo eksplwa maketin pou peyi a.

« Felisitasyon Don Dodo, sa w fè ak Drapo Ayiti an, nan maketin li rele « Business Awareness ». Se milya dola gran antrepriz yo envesti chak ane nan « Business Awareness ». Ou fè plis ke sa yon anbasadè ta sipoze fè ». Ekri Enjenyè Moreno Jean Baptiste

Nap raple w Enjenyè Moreno pami yon lis moun byen long ki felisite Fernando Estime pou travay li fè Qatar nan peryòd koup dimond lan.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *