1 mai 2024

OPC-Dyalòg Entèraktif .: Vyolans sou fanm ak tifi gen gwo konsekans sou sante mantal yo

Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC), atravè Biwo Medyasyon ak Vilgarizasyon Jiridik òganize yon dyalòg entèratif ki enplike lidè kominotè ak otorite nan komin Site Solèy,vandredi 23 desanm 2022 a, sou sante mantal fanm ak tifi ki viktim tout kalite vyolans nan kominote yo.

Aktivite sila rantre nan kad pwojè Kontribisyon pou redwi vyolans kominotè nan ranfòse lidèchip sosyal fanm ki viktim de konfli, pou soutni yo nan ede jwenn aksè ak byennèt sikososyal e sante mantal.

Nan aktivite sila Me Nems Jean Baptiste te pale sou dwa moun ki viktim yo, ki anpil fwa, sibi tout kalite vyolans nan kominote yo. Dr Harrison Ernest yon espesyalis nan sante mantal te pale sou kijan yo ta dwe ede moun ki viktim yo rejwenn vi nòmal yo.

« Nan yon konteks difisil tout moun ap sibi vyolans tout kalite nan yon nivo oubyen yon lòt, pou konnen kijan moun yo viv ak vyolans chak jou nan sosyete a, epi gade nan ki jan opc ka pote soutyen li fas ak gwo menas sa » ajoute sekretè ekzekitif biwo medyasyon an Me Roberto Junior Cadet

Plizyè òganizasyon ki soti divès kote nan komin site solèy, te reponn prezan, ki yo menm pwofite pale sou kijan moun yo ap sibi vyolans kotidyen, sitou anba men gang ame yo ki anpil fwa vyole fanm ak tifi yo.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *