16 mai 2024

Ekonomi : Konkirans ede yon peyi devlope daprè ekonomis Etzer Emile

Nan emisyon edikasyon ekonomik, yon emisyon ekonomis Etzer Emile prezante chak dimanch sou plizyè platfòm, diferan radyo ak televizyon nan plizyè depatman ak nan dyaspora.

Nan emisyon dimanch 30 jiyè 2023, ekonomis te kontinye nan seri emisyon « Konprann kisa ki ekonomi nan yon langaj fasil ». Yon seri emisyon pou montre tout moun konsèp ekonomi yo, kijan yo fonksyone, enpòtans yo nan devlopman ak enkonvenyan yo.

Nan nimewo sila ekonomis Etzer Emile t ap esplike kisa ki monopòl, oligopòl ak konkirans. Selon ekonomis lan gen anpil danje lè nan yon ekonomi se monopòl la ak oligopòl la ki ap domine jan sa ye an Ayiti a nan plizyè sektè.

Tandis ke lè gen konkirans nan sektè yo sa bay anpil avantaj nan devlopman peyi a, tankou favorize inovasyon, li ankouraje pi bon kalite pwodwi ak sèvis, sa ede pri pwodwi yo bese.

Ekonomis Etzer Emile di nou monopòl ki gen an Ayiti yo se yon antrav ak devlopman ekonomik peyi a… Mwen envite nou ale gade dènye nimewo emisyon sila ki te fèt dimanch 30 jiyè pase a.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *