29 avril 2024

Edikasyon Ekonomik : Resous natirèl ak batay jewopolitik an Afrik

Nan emisyon Edikasyon Ekonomik dimanch 13 out 2023, ekonomis Etzer Emile ki se prezantatè emisyon sila pale de batay jewopolitik ak resous natirèl ki genyen nan peyi afrik yo, ki se yonn nan rejyon ki pi rich ak resous natirèl poutan se yonn nan rejyon ki pi pòv.

Ekonomis lan esplike kijan yon peyi ka genyen plis resous natirèl pandan popilasyon li nan lamizè.

Rejyon Afrik la se kote ki gen plis resous natirèl menm jan tou se kote moun yo plis nan malsite. Afrik kòm premye pwodiktè metal presye malgre sa se èd imanitè k ap bay plis pase 50 % afriken manje.

Aprè dezyèm gè mondyal, loksidan vini ak konferans de bèlen, ki te yon zouti legal jewopolitik pou pataje lafrik, kote anpil peyi tankou Angletè, Lafrans, Almay, Bèljik, Pòtigal, Espay te gen pati pa yo sou tèritwa afriken yo pou eksplwate richès.

Lafrans se ra peyi ki toujou gen gwo anpriz sou lafrik sou peyi afrik yo antanke koloni. Enstabilite politik ki genyen, nan fè koudeta toutan, batay pou pouvwa, nan mitan gwoup politik lokal, rejyonal, ak sektè ekonomik yo souvan jwenn sipò fransè yo ak lòt nasyon oksidantal yo nan lide pou yo ka toujou eksplwate resous natirèl ki genyen nan peyi afrik yo.

Pou w konprann pi byen nou envite w gade dènye nimewo emisyon edikasyon ekonomik la ki disponib sou tout platfòm yo sou paj Etzer Emile ak patenè li yo. « Resous Natirèl ak Batay Jewopolitik an Afrik ». Se tit emisyon sila ki pibliye dimanch 13 out 2023.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *