6 mai 2024

Ayiti-Politik: Pati politik Fanmi Lavalas toujou kenbe pozisyonl pou gen yon tranzisyon

Òganizasyon politik Fanmi Lavalas toujou kenbe pwopozisyonl pou ta gen yon tranzisyon Sali Piblik pou ranplase rejim PHTK ki pat janm gen lejitimite daprè sa manm yo nan pati a fè konnen nan yon nòt pou laprès yo mete deyò samdi 31 jiyè 2021 an.

   Yon pouvwa Sali Piblik ak tout Ayisyen ,Ayisyèn natif natal pou met moun serye pou asire yon tranzisyon kote pap gen yon Leta eksklizif, men pito enklizif ak transparans kote kontinite ap gen pou fèt lè pèp la pral  chwazi moun pou dirijel kap sòti nan bon jan eleksyon.

Pi lwen ,manm  yo nan Pati a fè konnen yap diskite depi plizyè mwa ak lòt reprezantan nan Sosyete Sivil la pou jwenn yon antant sou fason yo pral mete bagay sa yo an plas ,ki selon yo solisyon kriz la dwe pase pa chanjman sistèm lan.

Toujou nan menm nòt la, Konferans Nasyonal souverèn, remete kanpe apaerèy jistis la pou gen bon jan prosè ki fèt , yon Nouvo KEP pou gen bon jan eleksyon, se sa yo sila yo kap gen pou vin asire tranzisyon an ap gen pou fè daprè aktè yo nan pati a ki pwofite mande tout militan ak manm òganizasyon Fanmi Lavalas nan tout peyi a rete mobilize pou jwenn yon tranzisyon Sali Piblik.

Yves Moïse Ducé

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *