11 mai 2024

12 Janvye.: Quisqueya Atis Lakay fè yon gwo espektak nan memwa viktim yo

12 janvye 2010 – 12 janvye 2023 sa fè deja 13 lane depi Ayiti te sibi yon tèrib tranbleman tè, ki te kraze plizyè komin nan metropolitèn pòtoprens lan, dè milye moun te pèdi lavi yo ak pèdi byen yo nan gwo katastwòf natirèl sila ki te menm kraze Palè Nasyonal peyi a ki poko janm rekonstwi.

12 janvye pase a Quisqueya Atis Lakay te òganize yon gwo espektak nan memwa viktim yo, e pwofite voye mesaj lespwa pou sa ki vivan yo, pou n sispann kriye men pito pou n goumen pou yon lòt Ayiti. « Nou bouke kriye, ann rebati ».

Li te 3 zè 30 nan aprè midi, douvan Vivano nan lari a espektak la te koumanse, ak yon mizansèn sou evenman 12 janvye a, jan sa te dewoule 12 janvye 2010, tout moun tap rele, tout moun tap kriye, tout moun tap chache mete yo alabri, dezespwa, kè sere, enkyetid.

« Lamò!!! beton!!! » se ak mo sa yo pandan tout mizansèn nan aktè yo tap rele. 4 trè 13 tout moun rantre, toujou nan menm lanse a mizansèn yo ap kontinye. Sou lidèchip Barbara Guillaume, kap chante, fredone, nou te ka di kap anime, ak akonpayman mizisyen yo, pandan douvan podyòm nan mizansèn yo ap kontinye.

4 trè 51, de (2) minit avan lè tranbleman tè a te pase a, atis Mandela fini di moun yo pran kouraj pa dekouraje. Farah Joseph nan tèt yon gwoup, te pote mesaj lespwa bouji nan men .: « 4 trè 53 (4h 53), yon minit silans, te gen yon gwo bwiiiiiiii !!! Ayiti » se ak mo sa yo Farah Joseph te pale pou Ayiti toma pitit li yo ki toujou ap chachèl, e pwofide mande l evite yo yon lòt trajedi.

Pandan moman sa plizyè atis te pèfòme nan gwo aktivite sila tankou Charline Jean Giles, Lovely Alexis, Danielle Guillaume, Uni-k, XT- One, Berthony Lanot, Eve Myrtil ak plizyè lòt ankò ak yon piblik entèresan.

13 lane aprè, Ayiti vin pi mal, poutan se te yon gwo opòtine pou peyi a te dekole sou tout fòm.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *