1 mai 2024

Youn, de, twa…: Festival Entènasyonal Literati Kreyòl ap rapousuiv chimen l

Festival Entènasyon Literati Kreyòl la ap pati pou 3e edisyon l. Randevou kase sòti premye pou rive 5 desanm 2021 an, pou responsab ak tout moun k ap batay pou lang kreyòl la vin bwase lide sou tout sa ki sèvi lang kreyòl la kòm angrenay. Pou lane 2021 an festival la ap dewoule sou tèm: “Literati nan konstriksyon moun”.

“Plis pase yon espas pwomosyon, valorizasyon ak difizyon, FEL se yon vitrin pou pwodiksyon literè lang kreyòl bay kalinda nan pèspektiv pou rapwoche, kreye deba ak bon jan diskisyon nan mitan ekriven, entèlèktyèl, lektè, powèt pèp kreyolofòn yo. Konsa, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl louvri an lagan pou Matinik, Gwadloup, Sentlisi, Sechèl ak tout lòt peyi kreyolofòn.”

“FEL se yon inisyativ emisyon literè Pawòl kreyòl sou Signal FM powèt Jean Baptiste Anivince ap anime depi avril 2017, selon yon pwopozisyon istoryen ayisyen Michel Soukar. OMDAC (Organisation Martiniquaise pour le Développement de l’Art et de la Culture) ak Fondation Maurice Sixto se patenè òganizatè evennman an depi kreyasyon l.”

Yon lòt fwa ankò, manm òganizatè yo prevwa yon latriye aktivite pou twazyèm edisyon sila a. Pami yo: Konferans lansman (Laprès, patenè nou yo, ekip FEL, ekriven…); Sware ouvèti (Kòktèl, prestasyon atistik, diskou ofisyèl…); Sware senk solèy (yon omaj pou 5 pèsonalite nan mond kreyolofòn nan: Jean Bernabé, Matinik; Danielle de Saint-Jore, Sechèl); Emile Celestin Megie, Ayiti; Robert Chaudenson, Lareyinyon; Hector Poullet, Gwadloup); Espozisyon ak vant liv (Mezon edisyon, Ajans distribisyon); Espektak (teyat, mizik, pwezi); Powèm nan pran machin (aktivite resital nan otobis) epi, Konferans, Kozri, lekti senik.

Tankou jan sa te fèt pou 2e edisyon an, FEL pa bliye timoun yo. Se pou sa, yon 2e fwa, li vini ak “FEL-timoun, ki se yon espas apa pou timoun yo moutre talan yo genyen nan divès disiplin atistik, tankou dans, mizik, desen. Se yon espas tou pou yo aprann pwezi, fè pwezi epi patisipe nan divès atelye literè.

Bèl pwogramasyon sa ap pran chè plizyè kote, nan divès espas nan peyi a tankou: Pòtoprens, nan Inivèsite, lekòl, Bibliyotèk, Sant kiltirèl, paj Facebook ak chèn Youtube FEL ak patenè nou yo. Jan nou ka remake li, aktivite a ap dewoule an prezansyèl men an mòd vityèl tou.

Pou bay inisyativ sila a plis sans, reponsab yo toujou panse pwopoze plizyè bèl tèt kòm envite donè, ak envite spesyal. Ane sila a envite donè a se Lyonel Trouillot, ak 2 envite spesyal ki se Ena Eluther ki sòti nan peyi Gwadloup, ak Jude Duranty ki sòti nan peyi Matinik. San konte lòt envite k ap la pou bay festival la jarèt.

Ena Eluther gen yon doktora nan literati konpare. Li se pwofesè sètifye nan lang kreyòl, espesyalis literati karibeyen ak literati afriken. Li se moun Gwadloup. Ena pibliye An Fonnkyè aPéyi-La, Rakontaj toukout, li ekri an kreyòl gwadloupeyen epi ki soti nan Edisyon Nèg Mawon.

Jude Duranty pibliye yon latriye liv nan / sou lang kreyòl. Avèk kreyolis gwadloupeyen an Hector Poullet, li pibliye Dictionnaire des Créoles comparés de Guadeloupe et de Martinique. Li se otè : Krey mo mawot, Dis lanné kreyolad, Teks latjé krapo, Fantezi, elatriye.

Plizyè objektif marande ak Festival la: Fasilite diskisyon, deba, echanj nan mitan pèp kreyolofòn yo; Kreye yon espas espesyal pou difizyon ak pwomosyon pwodiksyon literè lang kreyòl; Pote kontribisyon li nan ranfòse kreyolofoni an; Sèvi yon pon nan mitan pèp kreyolofòn yo ; Ankouraje plis moun pwodui an kreyòl ; epi kreye yon espas deba ak diskisyon ant otè ak lektè.

Òganizatè yo konte sou prezans ak patisipasyon nou tout ak nou chak. Pa ezite vin pote kole nan kokenn chenn aktivite sila a.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *