12 mai 2024

« Yon fi gen 10 etap pou l pase pou li kapab vin madivinèz » daprè sa otèz Louise Morel fè konnen 

Nan yon liv ki gen pou tit « Comment devenir lesbienne en 10 étapes » otèz, kritik epi feminis Louise Morel ekri, ki pibliye jedi 5 me 2022 a, li eksplike nan 10 etap kòman yon fi kapab vin “madivinèz”.

Nan sosyete ayisyèn nan, pratik kote de fi renmen youn lòt tankou jan yon fi ak yon gason ka renmen pote non “Madivin”. Sa ki vle di fanm ki nan madivin nan, yo rele li “madivinèz”. Li pote ti non jwèt ” madoda “

An Ayiti menm jan ak tout kote ki gen moun ki sosyalize, anpil moun toujou ap poze tèt yo Kesyon tankou : kòman yon fi fè pou li renmen yon lòt fi parèy li ? Poukisa yon fi deside madivinèz ? Men kesyon yo konn plis poze sitou epi yo konn plis bezwen repons pou li a se : Kijan yon fi fè vin madivinèz ? Louise Morel reponn kesyon sa yo nan liv li a, ki pote non « Comment devenir lesbienne en 10 étapes ».

Pou yon fi kapab vin ” madivinèz “, li gen 10 etap li pase daprè feminis la. Depi nan entwodiksyon liv li a, li fè konnen yon fi pa fèt tou ” madivinèz ” men se sosyete li leve ladan li a ki aprann li renmen gason pito. Daprè li menm, fi k ap fè ” madivin ” nan se ansanm ide sosyete, l ap viv ladan l lan ba li, epi li pilonnen, ki fè li kapab vin madivinèz.

1- Yon fi vin rann li kont li pa fèt eteroseksyèl men se sosyete a ki aprann li vin konsa

Premye etap yon fi kapab pase pou li rive ” madivinèz “, se lè li vin dekouvri se aprann fi aprann renmen gason. Se aprann yon fi aprann vin eteroseksyèl. Sa ki vle di se pa lanati ki egzije l sa. Se pa li menm tou ki deside ki sèks pou li renmen. Se pito sosyete li grandi ladan l lan ki enpoze l tandans sila. Yon tandans menm jan ak nenpòt lòt ki pa gen anyen pou wè ak lanati ni ak sa lalwa ta deside.

Sa ki fè si yon fi ta deside renmen ak fi parèy li sosyete a pa gen dwa gade l tankou yon moun ki pa nòmal paske pat janm gen yon lwa nan lanati ki di fi dwe renmen ak gason. Sa montre yon fi ki reflechi konsa se aprann li aprann gen atirans pou gason. Konsa, menm jan li aprann renmen gason an li kapab aprann renmen fi tou.

2- Fi a vin rann li kont li merite plis ke pozisyon li okipe nan sosyete a

Morel pati sou lide sosyete yo ap fonksyone sou dominasyon gason. Fi an anndan fwaye a ap viv pou fè gason li avèk li a plezi. Li konsidere sa tankou yon fòm vyolans gason ap fè sou fanm. Li konsidere tou menm fi ki eteroseksyèl la kontribye nan fòm vyolans sila.

Daprè otèz la, dezyèm etap yon fi rive akonpli pou li vin ” madivinèz “, se le li pa konsidere fi parèy li tankou yon rival. Paske jan tout moun konnen l, sou mache sediksyon an, tout fi vle pou se yo menm ki pi bèl. Chak grenn fi ta vle gason ki atire li a, se avèk li pou li ye.

3- Fi an kòmanse gen plis ” atirans ” pou lòt fi parèy li

Nan faz sa, Morel montre enterè fi sa pral devlope pou lòt fi parèy li. Lè sa, li pral poze tèt li anpil kesyon ki gen pou wè ak ki atitid yon fi parèy li tap genyen si li ta deside montre l atirans devlope pou li.

Konsa tou, l ap poze tèt li kesyon pou li konnen eske atirans li vin devlope pou lòt fi parèy li a nòmal, eske sa ap toujou rete nan li menm, eske tout fi pa konsa yon moman oubyen yon lòt. Lè sa a, li kòmanse twouble. Li pa konn ak kiyès li ta vle gen rapò vrèman. Eske se ak fi oubyen ak gason. Kisa ki ap plis fè l kanti l byen.

4- Fi a kòmanse ap doute sou sa li vle vrèman

Fi ki rive nan faz sa plis vle kwè pratik ” madivin ” nan pa gen anyen ki mal ladan. Sa pap yon pwoblèm si li ta deside vin ” madivinèz ” menm si li gentan avèk yon gason. Nan ka sa, li pral konvenk tèt li se dwa l pou li chanje oryantasyon seksyèl.

5- Fi a pral kòmanse mete l an kontak ak lòt madivinèz kote l ap viv la

Pou li kapab idantifye ” madivinèz ” nan espas kote l ap viv la, fi a pral chèche konnen tout enfòmasyon sou yo tankou : fason yo abiye, Kijan youn koze ak lòt, kibò yo rankontre, elt. Li pral chèche konnen tout bagay sa yo, yon fason pou li kapab konn kiyès ki kiyès. Li pral chèche enfòmasyon sa yo, nan lide pou li mete yo an pratik pou, pipiti, moun komanse idantifye l tankou yon ” madivinèz “.

6- Fi a aksepte li madivinèz epi li pa pè montre lòt moun enterè ki gen ladan l

Si pou komanse fi a te pè montre moun li ” madivinèz “. Si li pat ko vle aksepte se sa li vle vrèman, ebyen aprè yon tan, li pral eseye atire lòt fi sou pratik ” madivin ” nan. Li pral kòmanse kreye yon imaj ki pral pèmèt li atire lòt fi sou li. Li pral vle montre zanmi li ak fanmi li pa gen anyen ki mal nan pratik sila.

7- Fi a pral afiche seksyalite l, li pral pran plezi l nèt ale

Daprè sa Morel fè konnen, ton fi ki rive nan faz sa pa gen Kesyon l ap poze tèt li ankò. Tout sa ki okipe lespri l se chèche konn kijan, kòman ak ki note li kapab jwenn plezi ki genyen nan ” madivin “. Li pap pè afiche seksyalite l. Li pap pè montre sa li pote nan djakout li pou sa.

Menm lè fi sa ta deja nan yon relasyon avèk gason, sa pap deranje l ditou. L ap chèche konnen kijan de fi kapab fè sèks. Li pap neglije cheche konnen tou kijan plan a 3 a fèt paske li pa janm konnen. Li pral chèche konnen ki maladi yon moun kapab atrape nan relasyon fanm ak fanm. Li pral devlope tout ti taktik ki genyen pou fi penetre yon fi parèy li.

8- Fi a pral chèche soutyen moral nan antouraj ” madivinèz ” parèy li

Nan lide pou li kapab gen yon bon moral pou li goumen ak zanmi l, fanmi l ki pa p vle tolere chwa li a, fi ki vin ” madivinèz ” la pral cheche soutyen nan mitan lòt fi ki ap pratike madivin nan tou.

9- Fi a pral chèche non ki pi bon pou li a epi kite lòt moun yo fè menm jan avè l

Fi ki deside vin madivinèz la pa pral rete fokis sou non sosyete a ba l pote. Sa ki esansyèl pou li se kenbe imaj li yon fason pou li fè respekte chwa li fè a. Yon fason tou pou yon gen respè pou sa li ye a.

10- Fi a pwofite enterè li jwenn nan madivinèz epi li pran swen tèt li

Etap sa rezime 9yèm etap la. Fi a deside rete fokis sou chwa li fè a san li pa gen kont pou li rann a pèsòn moun. Li renmen tèt li nan sa l ap fè a. Li pran swen tèt li pou lòt moun pa gade l mal.

Oryantasyon seksyèl tankou etewoseksyèl oubyen ” madivin ” pa yon bagay yon moun tou fèt avè l. Se pito yon aprantisaj li ye. Se yon ansanm etap moun nan rive pase pou jis li rive gen yon oryantasyon nan zafè sèks. Men se sosyete moun nan ap viv ladan l ki enfliyanse tandans moun sa pral devlope.

Nan yon sosyete kote se gason k ap domine, fanm yo gen sousi pou yo bay yon bon imaj de yo menm. Sa lakoz yo konn oblije foule tout pilsyon seksyèl yo kapab genyen pou sèks entèdi a. Paske se vre gen yon sèks entèdi nan sosyete ki pa twò liberal yo. Nan sosyete sa yo, yon bon fanm gen sèlman pou li rekonèt li se fanm epi pou li gen yon mari.

Men tout sosyete pa menm. Si gen nan anpil, yo pa rekonèt dwa yon fanm genyen pou li chwazi sèks li vle, oryantasyon seksyèl li, elt., ebyen gen lòt, yo menm ki pi liberal, kote ladan yo yon fi gen dwa chwazi moun li vle ye a. Yon fi gen dwa deside renmen ak gason oubyen ak fi parèy li.

Etewoseksyalite pa yon lwa nan lanati daprè sa otèz 31 lane a ta vle fè nou kwè. Si nou reprann sa li di nan liv li a ki gen pou tit « Comment devenir lesbienne en 10 étapes », se aprann fanm yo aprann vin eteroseksyèl. Sa ki fè tou yon moun ki ” madivinèz ” se aprann li aprann vin konsa. Konsa tou, eske nou pa kapab di menm bagay sa yo pou gason ki chwazi renmen ak gason parèy yo?

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Sous : Comment devenir lesbienne en 10 étapes

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *