1 mai 2024

RONDDH denonse MOVE TRETMAN LETA BAY ABITAN KOMIN TABA YO DOUVAN ANBASAD MERIKÈN

Se avèk anpil endinyasyon RONDDH (Réseau des Observateurs Nationaux pour la Démocratie et les Droits Humains) , òganis kap defann dwa moun nan peyi Dayiti depi plis pase kenzan ap konstate kouman kèk ajan nan Polis Nasyonal la ap imilye abitan Komin Taba yo ki al pran refij yo douvan Anbasad Merikèn, apre yo chape de jistès anba men manm gann krazye baryè yo ki teworize yo, kraze kay yo, volè tout sa yo posede epi touye ak kidnape anpil ladan yo san konte sa yo vyole. Konpòteman ak Atitid sa yo, montre aklè ke gouvènman ki la, CSPN lan ak tout kò polis la pa pataje prensip fondamantal konvansyon Entèrameriken yo sou kesyon Dwa moun.

RONDDH kòm enstitisyon kap defann Dwa moun, sitou Dwa sa ki pi fèb yo, kritike anpil aksyon sa ke Polis Nasyonal la poze, tretman ki sanble tèt koupe ak aksyon kriminèl, kote ke ajan yo bat yo ak kout matrak kout pye e menm rive ba yo anpil gaz lakrimojèn san pitye pou timoun piti, fanm ansent, moun aje yo ak moun ki asmatik alòske se wòl Leta a poul garanti sekirite fizik ak lojman desan mas la.

RONDDH denonse ak tout fòs li konpòteman sa yo, zak maspinay sanble tèt koupe ak aksyon teworis. Lap mande gouvènman Premye Minis Ariel Henry ap dirije a pou l reaji prese, prese pou pran sanksyon kont tout Polisye ki enplike nan zak kriminèl sa. Lap pwofite mande gouvènman an ak sektè ekonomik lan pou yo sispann itilize manm gann yo pou teworize mas pèp la, paske popilasyon an bouke, li pa kapab ankò, lilè litan pou nou di ASE, se twop atò. Pandan nap itlize gann yo pou teworize pèp la, kraze tout sa yo genyen, nou itilize Polis Nasyonal la pou fè represyon sou tout fòm sou menm pèp sa, e ni Lapolis ni gann yo se nan mas la yo ye ankò, pagen lajistis ki pou kondane pèsonn paske majorite jij yo kowonpi, jistis la ap vann nan ti bout gode andedan tribinal yo. Ki koze saa.

RONDDH ap mande leta ayisyen mete sekirite nan peyi a pou tout moun ka viv lakay yo nan lapè, pou mas pèp la ka sispann kouri pou grangou ak ensekirite, konsa ayisyen a sispann pran imilyason nan lòt peyi.

Nòt sa fèt Pòtoprens, nan dat 26 jiyè 2023 a .-

Jonas AUGUSTE
Sekretè Egzekitif RONDDH.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *