16 mai 2024

Ostrali – Koup Dimond feminin 2023: 5 enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen

5 enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen si w prale nan koup dimond lan

Pi gwo randevou foutbòl bò kote medam yo pou lane 2023 sa ap òganize nan 2 peyi ki se Ostrali ak Nouvèl Zeland. Se pou premye fwa depi 1991 konpetisyon sa te koumanse a Ayiti ap patisipe. Soti 20 jiyè pou rive 20 out 2023.

Ayiti nan koze foutbòl gen randevou ak listwa, se plis pase 50 lane Ayiti pa gen chans patisipe nan okenn koup dimond. Nou konnen gen anpil ayisyen ki toujou vle sipòte lakay yo k ap gen pou deplase ale sipòte peyi yo.

Men 5 enfòmasyon enpòtan ou dwe genyen avan men m ou ale Ostrali ki se peyi Ayiti ap gen pou jwe 3 premye match li yo nan faz de pou l yo.

1- Ou dwe konnen se IVÈ an Ostrali

Sa ki esplike ap gen bon jan ti fredi, fòk ou prete atansyon ak rad ou ap prepare pou w mete laba. Sitou le maten lè w fèk leve mache ak chanday ou oubyen lòt rad ki ka ede w lè gen fredi.

2- Ostrali se sizyèm pi gwo peyi nan mond lan e se pi gwo peyi nan kontinan oseyani an.
Ak yon sipèfisi 7 741 200 km2, sa ki fè deplasman de yon kote ak yon lòt vrèman lwen, ki fè teknikman ou dwe fè plan pou w pran avyon lè w ap kite yon vil pou w ale nan yon lòt nan lè match yo. Sa ki eksplike tou li vin difisil pou w rete nan yon sèl otèl.

3- Match yo ap jwe nan zòn kot yo
Estratejikman match yo ap jwe nan zòn kot yo paske se la yo ki gen plis moun, di zòn kot sa ki esplike fredi a pi di, sa w ap gen pou konsome yo ap pi chè majoritèman li enpòtan pou w prepare w davantaj.

4- Pa gen ni anbasad ni konsila Ayiti nan peyi Ostrali

Li enpòtan pou w prepare w pou tout ti detay, paske si w gen yon pwoblèm w ap gen gwo difikilte pou w jwenn èd ayisyen. Pran plis prekosyon ak pyès enpòtan w yo, asire w kat kredi w yo nòmal, epi li enpòtan pou w ta mache ak lajan kach pou w pa pran nan si m te konnen.

5- Ayiti ap jwe tout match yo Ostrali

Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm pou nouvèl zeland si w pa anvi al gade lòt match ki ap jwe la yo, paske tout pakou yo se avyon ki ap fasilite w yo si non wap pran plizyè jou nan wout sou machin san kanpe. Epi lap enpòtan pou w tou ale ostrali oksidantal zòn Brisbane kote Ayiti ap jwe premye match li ak Angletè nan Suncorp Stadium ki anviwon 25 a 26 zè avyon si w ap soti Etazini.

Pou w konprann plis mwen envite w gade yon emisyon espesyal Fernando Estime fè pou esplike w tout detay sou sa w dwe fè lè w prale Ostrali.
👇
https://fb.watch/lNFfSiiUZf/?mibextid=cr9u03

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *