1 mai 2024

Foutbòl-Envestisman.-: Ayiti tou ka fè lajan nan biznis espò a

Espè se yon jwèt men ki pa jwèt vre men pito yon gwo biznis ki rantre anpil lajan nan plizyè domèn ki lye ak espò a.

Nan yon Live Fernando Estimé fè pandan li kata nan koup dimond lan, nan yon liy pou l al achte bweson ak dlo nan moman match. Li esplike jan tout kondisyon yo reyini pou tout moun swaf depi menm avan ou gen chans rantre andedan estad yo, estrikti ak enfrastrikti ki anplas yo, ou gen pou fè anviwon 30 a 40 minit pou w rantre nan yon estad nan tan nòmal e plis lè se ekip gwo zouzoun yo kap jwe, natirèlman wap swaf.

Plezi nan estad, wap bat bravo, wap rele pou ekip ou, wap fè diskisyon ak kamarad ki bò kote w padan plis pase 90 minit ou pa ka pa grangou, fòk ou achte yon ti lamanjay, se ka esplike aprè koze espò a biznis bweson ak manje gentan byen mache.

Plizyè milye moun debake kata, majorite ap fè yon mwa sa vle di tout bezwen kay ak otèl pou yo rete, se yon lajan kach pou otèl yo, anpil ladan yo pwofite fè touris, yap bezwen vizite espas touristik yo, ale nan plaj, ale nan klèb, tout sektè touche gras ak biznis espò, an rezime envesti nan espò se envesti nan plizyè sektè.

Nap raple w chak jwè nan prèske tout domèn espòtiv ki briye se yon milyonè anplis ki kreye.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *