1 mai 2024

NÒT POU LAPRÈSLANSMAN JOB POWER 1e Me 2023

Ekip JOB POWER a vle enfòme laprès pale, ekri, televize epi anliy sou lansman ofisyèl Kanpay nasyonal BAY JENN TRAVAY NAN RESTORE AGRIKILTI AK PWOTEJE ANVIWONMAN. Lansman sa ap fèt nan dat premye Me ki make Jounen komemorasyon Travay ak Agrikilti an Ayiti.

JOB POWER se yon inisyativ KONKRET (konbit kreye travay) ki rasanble plizyè espesyalis eksperimante nan devlopman kominotè nan peyi dAyiti ak nan dyaspora a ki mete kanpe yon sèvis jwenn travay pou jenn apre yo benefisye fòmasyon ki prepare yo sou teknik pou chèche, pou jwenn, pou kenbe travay epi planifye karyè pwofesyonèl.

Depi mwa septanm ane 2022, JOB POWER te devlope yon pwogram pou apranti teknisyen agrikol ki te pèmèt plis pase 500 jenn nan divès kwen nan peyi Dayiti, tankou Site Solèy, Gantye, Okay, Gresye, te jwenn yon travay a 100 goud pou chak èdtan.

JOB POWER te satisfè rezilta angouman jenn yo epi sa te ankouraje nou pou koumanse yon fon ranmase lajan pou ede miltipliye enpak transfè lajan yo fè an Ayiti nan kreye plis travay pou jenn peyi Dayiti, pou ede yo oryante lavi yo yon lòt fason epi konbat banditis ak kriminalite ki ap fini ak peyi a.

Nou envite direktè lekòl, lidè relijye, responsab gwoup jenn pou aplike pandan tout mwa me a pou vin gen youn nan antrepriz agrikol ki jwenn asistans teknik ak konsèy finans ekspè gwoup Gaye Biznis, pou rive pèmèt latè tounen yon sous kreyasyon travay pou jenn yo pandan yo ap koumanse aprann fè lajan nan diyite ak respè kòm ajan aksyon sivik kominotè, jan sa deja koumanse fèt nan 6 depatman peyi a.

Nou ap ankouraje plis moun nan dyaspora a pou kontinye kontribye nan fon lajan dyaspora sa, ki pral pèmèt plis jenn gen aksè a mwayen lajan pou leve ekonomi peyi a. Nou espere ayisyen deja ap pare pou ankouraje achte pwodwi jaden jenn yo koumanse mete nan tè pou bay pwodiksyon nasyonal la jaret.
Se chomaj ak mank opòtinite ki trennen Ayiti nan sa li ye a. Se pousa , se travay ak opotinite pou jenn ki ka retire nou nan sa. Ann mete men ansanm pou kreye yon solisyon altènativ ki reponn a reyalite peyi nou. Anpil jenn pa ka tann pou rale yon souf.

Pou sipòte JOB POWER : http://www.sakala-haiti.org/donate
Pou Job Power, Daniel Tillias, chaje pwomosyon

Ansyen CNN Hero 2019
Pou plis swivi monte sou sit web nou jobpowerhaiti.com , ekri nou nan whatsapp: (509) 37 0373 10
epi sou fesbouk konkret konbit kreye travay , imel: jobpower.haiti@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *