11 mai 2024

Koup dimond Ostrali Nouvèl Zeland : Ayiti nan basen fyète lòt nasyon

Yon lòt fwa ankò listwa bay Fernando Estime rezon, de tout sa li t ap pwone pou Ayiti, nan fason nou dwe vann peyi nou ak kilti nou, jan nou dwe montre naratif ayisyen an. Plizyè milye ostralyen ak plizyè lòt nasyon sipòte Ayiti pou premye match yo fas ak angletè.

Selon Fernando plis pase 6 mil etranje ki t ap chofe seleksyon an, ap rele viv Ayiti, pran plezi sou anglè yo nan fason grenadyè yo te defann ak nanm, pasyon bikolò a.

Aprè match la se te yon sèl anbyans VIV AYITI, Don nan ki te abiye ak rad Ayiti soti nan tèt pou rive nan pye se sèl sipèsta ki te aksesib ak piblik la, milyonè sou facebook la ki te andirèk te pèmèt plis pase 10 mil moun viv anbyans sila sou facebook kote anpil ostralyen t ap, mande Don nan fè foto, bay akolad, fè Don nan siyen pou yo, yon lòt kote Don nan pwofite aprann yo kèk mo kreyòl tankou « VIV AYITI, VIV ANSANM, ANPIL LANMOU».

Nan video yo nou ka wè lakontantman, fyète lakay lòt nasyon yo jan yo fyè de fason Ayiti byen reprezante nan mondyal la.

Nap raple w Fernando te toujou di patisipe nan gwo evenman sa yo se pi bon fason pou w vann kilti nou epi fè lòt nasyon apresye nou.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *