19 septembre 2024

Ijan .: Odette Roy Fombrun mouri a 105 lane

Ijan .: Odette Roy Fombrun mouri a 105 lane

Ekriven, istoryèn ki rive osomè Odette Roy Fombrun mouri maten vandredi 23 desanm 2022 a a laj 105 lane.

Otè liv Sitwayènte ak vyolasyon dwa yo a, Madame Fombrun fèt 13 jen 1917 nan Pòtoprens, li mouri lakay li maten 23 desanm 2022 a.

Istoryèn nan toujou pran pozisyon piblik nan jesyon politik peyi a, anpil fwa li adrese li dirèk ak dirijan yo.

Nap raple w Madam Odette Roy Fombrun ekri yon dizèn liv tankou : Ma vie en quatre temps, Sezizman sou sezizman, Entelijans Wobè pou n site sa yo sèlman.

Ekip redaksyon Fernando Live News la koube li devan vwayaj etènèl sa e pwofite voye senpati li ak fanmi e tout moun pwòch epi ki touche ak depa sa.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *