16 mai 2024

Fernando ESTIMÉ sou nyaj fyète ak felisitasyon apre koup dimond kata

Pandan yon mwa ap pote drapo ble e wouj la tout kote, pale ak tout nasyon de ayiti, fè ayisyen viv koup dimond lan ak yon lòt sansayon Fernando Estime fè anpil moun fyè antanke bon jan ayisyen ak bon patriyòt.

Anpil moun pa mete dlo nan bouch yo pou felisite Don Dodo jan anpil moun rele li, pou jan li te vann peyi Ayiti nan peyi Kata kote 22zyèm koup dimond lan tap reyalize.

Platfòm Pimpnewstv poste sou instagram foto Don nan fè kata ak abiman arabi yo baton nan men, yon manto (bisht). “Fernando Estime tankou yon wa 👑 nan peyi kata🇶🇦 » ekri pimpnews

Jounalis Theriel Thelus nan yon kòmantè ekri « Notre Don Dodo, bon boulot, Joyeux noël à toi ». John Colem Morvan sou platfòm Bat Bravo Pou Lajenès poste ak dènye foto Don nan « Don Dodo kouwone wa nan lakou qatar 🇶🇦 avan li kite »

Nerline Valcourt li menm ekri «Yon sèl Don mwen yan pou tout yon nasyon 🇭🇹 mèsi pou tout sèvis ou te fè qatar 🇶🇦, jan ou te byen vann peyi nou ayiti, mille merci my love ❤️❤️❤️ »

Yon nyaj imèn avwe piblikman jan yon fyè de Fernando Estime epi felisite epi remèsye li pou tout sèvis li rann peyi a.

« Se te anvoye espesyal nou Qatar… Travay la te fèt. Ayiti te byen reprezante e pèsonèlman mwen fyè de ou » ajoute Emmanuel Franezil

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *