11 mai 2024

Freda pa pou Ayiti : Gessica GENEUS pale ak tout franchiz

Freda pa pou mwen

Se Mwen ki ekri, se Mwen ki reyalize li. Mwen pase 4 lane travay sou li san Mwen pa peye tèt Mwen poum fèl men a la fen, li pa pou Mwen paske yon fim se pou peyi ki mete plis lajan ladann nan li ye.

Kòm se ministè kanaval (e menm sa yo mal fèl) nou genyen, Mwen pat jwenn ase lajan Ayiti poum te fèl. Sipò FOKAL ak Ambasad Swuis pat ase poum banm pouvwa sou fim nan.

Se sa reyalite nou ye kòm pèp !
Menm batistè Ayiti pa pou li paske nou pa konn envesti nan sa ki enpòtan pou nou, pou nou gen dwa la pawòl sou yo.

FREDA pou lafrans an premye !!!!
Paske yo bay 70% lajan ki fèl la.

Se pou sa se la li soti e se pou sa se yo ki deside kibò ak kòman fim nan ap distribiye. E se pou sa Mwen oblije tann otorizasyon pou Mwen fè toune an Ayiti.

Pwodiktè Franse Mwen an se yon moun ki fè san sot nan wòch pou fim nan egziste, ansanm ak pwodiktè Bénin an. e si sete pou lajan AYITI Freda pa tap janm egziste.

Se sa ki difisil pou nou entegre ki fè nou konstwui nan tèt nou yon bann analiz san sans, kòmkwa yo pa vle pase FREDA pou Ayisyen

Pa gen ankenn moun ki vle fim sa pase lakay Mwen plis pasem.

Men si nou vle gen pouvwa sou zafè nou FÒK NOU BAY KREYATÈ LAKAY NOU MWAYEN POU SA.

Fen jiyè ak kòmansman mwa dawout FREDA AP Ayiti. Anfen.

Mespere map wè nou pou nou gadel ansanm.

Mèsi pou pasyans nou.

Anpil lanmou.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *