6 mai 2024

Fernando Live News/Youn nan asasen Prezidan Jovenel Moïse yo se te yon enfòmatè DEA

Youn nan sispèk nan zak sasinay sou prezidan Jovenel Moise yo se te yon enfòmatè ak Ajans Ranfòsman Dwòg Etazini (DEA). Se sa yon jounalis televizyon CNN di jou ki te madi 13 jiyè 2021 an. Apre zak sasinay sa a youn nan sispèk yo te kontakte youn nan kontak DEA li yo ak yon ofisyèl DEA ki abite Ayiti.

L te mande l al rann tèt li bay otorite yo. Ajans lan te di nan chèn televizyon CNN nan san yo pa idantifye l. DEA te di l an kolaborasyon avèk Depatman Deta. Enfòmasyon yo te bay gouvènman Ayisyen an ki te ede nan arestasyon anpil nan sispèk yo.


Nan deklarasyon l bay CNN, ajans lan te di ke okenn nan mèsenè yo pat aji nan atak la sou non DEA. Omwen de sitwayen ameriken, Joseph Vincent, 55 lane ak James Solages 35 lane ki te patisipe nan atak kite fèt sou kay Jovenel Moise la nan men lajistis. Gen yon twazyèm Ayisyen-Ameriken, ki se Christian Emmanuel Sanon. Yo te arete nan lendi epi otorite ayisyen yo idantifye l kòm prensipal koupab nan atak la.

Christian Poinvil

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *