18 mai 2024

Fernando Live News: Prezidan Venezyela, Maduro pale sou lanmò prezidan Ayiti a Jovenel Moise

Prezidan Maduro di leta kolonbyen ak Etazini te konnen planifikasyon zak sasinay la

Nan yon ti lapawoli douvan laprès, yè samdi 10 jiyè 2021 an, prezidan Venezyela Nicolas Maduro bay enfòmasyon sou lanmò prezidan Repiblik Ayiti a Jovenel Moise.

Selon Maduro laprès entènasyonal tou swit apre yo te fin fè krim lan te vle fè kwè gouvènman Venezyela enplike ladan.

Yo te vle fè sa kolonbyen yo rele yon “Fo pozitif”.. Men gouvènman AMERIKEN ak gouvènman KOLONBYEN konnen nan bon ti manmit sak fèt la.

Prezidan goch la deklare pa gen okenn mwayen pou sèvis sekrè kolonbien yo pa konnen gen yon gwoup mèsenè MANB LAME KOLONBI KI VWAYAJE KITE KOLONBI AK PASPÒ YO pou ale fè yon operasyon militè an Ayiti.

Maduro fè konnen genyen nan mèsenè sa yo ki genyen pwoblm ak lajistis(jistis de pè) peyi Kolonbi ap jije aktyèlman paske yo gen akizasyon asasen sou do yo. Sa ki fè yo gen entèdi pou kite peyi a Kolonbi, men Leta kolonbien ba yo pèmisyon al fè krim sa Ayiti. Maduro di fòk gouvènman kolonbien an rekonèt sa.

Maduro pale dirèkteman ak Predizan Biden lè li ajoute pou li di : Pa gen okenn mwayen pou CIA ak NSA (2 pami ajans entèlijans ameriken) pa konnen si gwo entèvansyon sa ta pral fèt Ayiti, paske tout preparasyon yo fèt anba nen yo nan FLORID.

Prezidan MADURO revele SE YON ANTREPRIZ KI BAZE NAN FLORID ki rele CUT, mèt antrepriz la rele ISTRIAGO, ki se yon militan ekstrèm dwat venezyelyen ki se patizan epi bon zanmi Leopoldo López ak Juan Guaido (2 gwo opozan fawouch gouvènman li a) KI ANBOCHE 26 MÈSENÈ KOLONBIEN sou 28 mèsenè ototal ki voye yo Ayiti.. epi ki dirije depi la FLORID operasyon ki lakoz asasina Jovenel la. Maduro di Joe Biden eleman enfòmasyon li bay yo se rezilta premye ankèt sèvis pa li yo fè sou zak ansasinay ki fèt sou Jovenel la

Se kontribisyon pa Venezuela nan ankèt la pou tout moun konn tout la verite. Li denonse asasina Jovenel la.

Tradiksyon : Rodney Bourgoin

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *