6 mai 2024

Fernando Live News : Lantèman Mèt Rene Silvès chante Senmak

Jedi 8 jiyè 2021 an lantèman jij René Sylvestre te chante vè 9è nan maten nan legliz katolik Senmak la

Jedi 8 jiyè 2021 an lantèman jij René Sylvestre te chante vè 9è nan maten nan legliz katolik Senmak la. Me René Sylvestre ki se ansyen Prezidan Kou Kasasyon an Ayiti. Mèt la te mouri nan dat 23 jen 2021 an nan Lopital Inivèsitè Mibalè. Dapre sa rezilta tès ekzamen l te fè fè kowona. Sete yon lantèman ki te chante devan kèk gwo otorite nan lameri a te, CSPJ, manm Lakou a ak fanmi defen an.


N ap fè sonje ansyen Prezidan Kou Kasasyon an te fèt jou ki te 14 septanm 1962 nan vil Senmak. E l te mouri nan jou kite 23 jen 2021 an nan kowona l te gen 58 lane sou tèt li. Li te okipe pòs Prezidan Kou Kasasyon an nan dat ki te premye fevriye 2019 jiskaske l mouri. Mèt la te pase 2 lane 4 mwa ak 22 jou nan tèt pi gwo enstans jidisyè ki gen Aayiti.


Tout ekip Fernando Live Ayiti a ap swete l bon travèse ….

Christian Poinvil, Senmak
Fernando Live Ayiti

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *