11 mai 2024

Fernando Live News: Kò san vi prezidan pa nan kapital la ?

Photo Archive

Kibò kadav ansyen prezidan, Jovenel Moïse ye?

Kò san vi prezidan Jovenel Moise pa nan kapital la, men pito nan gran nò peyi a. Lantèman ansyen ansyen prezidan an ta dwe chante nan finisman mwa. jiyè a.
Ansyen 1yè dam nan ta dwe rantre nan peyi a lòt senmenn pou patisipe nan lantèman ansyen patwon agritrans lan, Jovenel Moïse.

Pi lwen, Zafè lajan sa k ap pale ki ta debloke pou reyalize lantèman ansyen lokatè palè nasyonal la pa laverite ditou. Se sa Isemaël Valestin ki se ko prezantatè emisyon boukante lapawòl di sou Radyo Mega 103.7, aswè madi 13 jiyè 2021 an. L fè konnen Martine Moïse ap reprann li piti piti aprè operasyon l sot fè an.

 "Pa sezi si w tande gen yon lòt gwo masak ki fèt nan jou k ap vini yo. Paske chak evenman toujou rantre yon lòt». N ap site pawòl Romanesse Samedi animatè Mega Boustè sou menm radyo mega 103.7, nan maten byen bonè 13 jiyè a animatè a fè sonje tou lanmò Diego ak Neti. De jounalis sa a yo te viktim tou nan masak Kriswa ak Dèlma 32.

Masak sa a yo te rantre masak Matisan, Masak Matisan te rantre masak Bèlè.
Jounen jodi a depi mèkredi a zak sasinay sou Jovenel Moïse la rantre lanmò Neti ak Diego san konte Guerby Geffrard ki te mouri ak bal nan lavèy ak tout sila a yo nan Dèlma 32 ak Kriswa. Dapre l, lanmò Marie Antoinette Duclaire la pa gen okenn rapò ak masak ki te fèt nan Dèlma 32 a ki te fèt nan lannwit 29 pou louvri 30 jen pase a.

Selon analist politik la, peyi a pral konn yon move moman ki pral malouk anpil pwiske aktyèlman se teori kawo k ap aplike.
E l te pran tan l ak swen pou l te eksplike les 10 teori yo sitou teori kawo a.

Yves Moïse

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *