1 mai 2024

Fanmi Coco Gauff chanpyòn « US OPEN » pale anpil mo kreyòl

Fanmi Coco manman, papa, kouzen, kouzin, tonton elatriye konnen anpil mo kreyòl selon Fernando Estime ki pale ak fanmi an aprè final la.

Fernando pwofite salye tout Ayisyen ki ap viv nan eta Florid la ki montre lòt nasyon pale kreyòl ayisyen an, ki se yon gwo koze pou kilti nou an paske lanj peyi a se pòt bonè kilti nou.

Jèn amerikèn orijin afrikèn nan, ranpòte premye « Grand Chelem » li aswè 9 septanm 2023 nan estad « Arthur-Ashe hurla » nan Nouyòk peyi Etazini. Aprè Aryna Sabalenka te bat li nan premye manch lan, Coco te ranvèse li nan fen match la e rive chanpyon.

Jèn fanm 19 lane a mete gwo lajwa nan kè tout fanmi li ak fanatik li yo sitou nan Florid. Fernando pataje lakontantman li pou Coco ki fè gwo eksplwa sa.

Vizite tout platfòm Fernando Live yo pou w pa rate kenn enfòmasyon.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *