26 avril 2024

CDMQatar 2022.: Istwa Ayiti se fyète anpil nasyon

CDMQatar 2022.: Istwa Ayiti se fyète anpil nasyon

“Ayiti se premye Repiblik Nwa nan Istwa Mond lan” se premye pawòl yon sitwayen mawoken ak Fernando Estime lè l wè drapo Ayiti sou do l.

Ayiti se premye pèp nwa ki te pran libète l, nan batay ak kolon yo, se premye fwa yon gwoup esklav pandan tout istwa limanite te bat yonn nan pi gwo lame ki te egziste nan mond lan.

Lame Napoléon an te pèdi devan lame Dessalines lan nan Vètyè, kap Ayisyen, 18 novanm 1803 ki te ban nou dwa deklare endepandans nou 1e janvye 1804.

Aprè Viktwa sa lame Napoleon an te febli, sa ki mennen anpil lòt peyi pral pran libète yo.

Afriken yo ki toujou konsidere Ayisyen yo kòm frè ak kouzen yo, paske se an afrik kolon yo te soti ak zansèt yo pou vin mete yo nan esklavaj. Rezon sa fè tout Afriken toujou fyè epi mete chapo ba douvan istwa Ayiti.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *