1 mai 2024

CDM Qatar 2022.- Fernando ESTIMÉ kap fè koze Kata

Depi kèk ane Fernando ESTIMÉ fè pati gwoup moun pozitif ki pi popilè nan peyi Ayiti, moun yo plis pale de li sou twal la, se rezilta plizyè pwojè ki fè siksè, tankou Emisyon Sans Frontières sou RTVC, Geofoot, Fernando Live.

Fernando ap trase kata nan Kata

Espesyalis nan Relasyon Entènasyonal la, ap fè piblik ayisyèn nan viv koup dimond 2022 a yon lòt jan ak yon lòt gou ki byen epise ak epis ayisyen. Depi 2018 ak Geofoot nan mondyal ki tap fèt Larisi, Fernando te fè nou konnen epi konnen melanj ki te toujou genyen ant istwa, politik ak foutbòl la.

Nan Kata Fernando montre nivo lanmou li genyen pou foutbòl ak pasyon li genyen pou jwèt sa, melanje ak divès nasyon nan mond lan, ki yo menm tou genyen anpil lanmou pou foutbòl. Se yon melanj kilti, fòlklò, anbyans tout nasyon menm si se 32 peyi sèlman ki gen chans jwe pi gwo chanpyona mond lan. Fernando fè tout ayisyen viv moman sa yo, viv asanm vivasite, amoni, lanmou yon nasyon pou yon lòt, nan mondyal sa.

Fernando ESTIME yon pleziyis

Fernando pa janm rate yon okazyon pou l pa montre nou jan li pwofite pran plezi li pandan lap fè nou viv koup dimond lan, avan e aprè chak match anbyans ak fanatik ekip yo.

Plizyè moun sou rezo a pwofite pou pale de poulen latibonit lan jan li ap viv mondyal la. Se menm jan pou powèt jounalis John Wesley Delva ki fè konnen Fernando ap byen pase nan yon piblikasyon li fè sou paj facebook li. “Mesye O! M pat janm panse Fernando Estimé te pleziyis konsa non ! M pap baw manti misye ap byen pase Kata!” se mo sa yo Delva ekri sou paj li.

« Misye fem renmen Mondial la tankou se ayiti lap fet telman misye ap byen pase lntan ayisyen pat knn patisipe nan koup dimond se pa sel misye gen anpil lot ayisyen » kòmante Adm Kenny Orelus

Menm jan pou anpil moun kap swiv viv plezi yo ak Fernando kèlkeswa fantik ekip ou ye paske chak match li sipòte yon ekip sa ki fè plis moun wè jan l renmen plezi balon won an. Viv yon foutbòl ak yon lòt sansasyon odela de fanatik yon ekip.

Nap raple w Fernando se anpil disiplin espò li renmen epi toujou ale nan tout konpetisyon li renmen yo tankou NBA nan basketball, ak tounwa Gran Chelèm nan Tennis 🎾pou n site sa yo sèlman.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *