11 mai 2024

CDM Kata 2022.: Afrik nan somè listwa

Pou premye fwa yon ekip Afrik fini premye nan poul koup dimond pou syèk sa. Depi 36 lane Maròk pat janm bat kanada.

Yon match, plizyè paj listwa chanje nan istwa foutbòl peyi Maròk ak tout kontinan Afrik la. Se pou premye fwa pandan syèk sa yon ekip afrik fini an premye nan yon gwoup koup dimond e pandan 36 lane se pou premye fwa peyi Maròk bat kanada.

Maròk fini premye ak 7 pwen, devan Kowasi 5 pwen, Beljik 4 pwen epi kanada 0 pwen ki pèdi tout 3 match li yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *