2 mai 2024

Baton ki bat chyen nwè a, se li ki bat chyen blan an

Lè se pa makoukou pa w oswa pa papa w, ou bat bravo, ou ri nan malè lot yo, lè malfezan ap boule plim poul. Pandan w pa janm reflechi ak lavi ki se yon boul k ap woule. Jodi a se ka li, demen se ka ou. Gen anpil pwovèb Ayisyen ki souliyen fenomèn sila a. M kwè w ap deja tande ti pwovèb ki di : « Kote y ap plimen kodenn, poul pa ri ». Pa bò isit, nou tèlman ri nan malè lòt, nou konn bliye si dan n pouri. Ou pata di nou pèdi Mounite nou.

Mèkredi 24 novanm nan, apre premye Minis Henry, PHTK ak alye fin rebwase domino a nan ti jwèt koken « pi gwo, pi gra » pou yon gouvènman afesman sosyal, li pa t pran tan pou l te chanje Ansyen sekretè jeneral laprezidans lan, ki se Mesye Lyonel Valbrun ki te pwobableman nan redaksyon dekrè Pou voye 2/3 Sena a ale a. Jodi a, menm mouche sa ta bezwen palman an pou defann prensip jiridik nan dwa piblik ki rele: “Le parallelisme des formes” nan. Se pa di m di li pa gen rezon non. Okontrè Josué Pierre-Louis ki ranplase l la konnen pi byen pase m prensip sa a: “Moun ki nome w la, se li ki gen dwa revoke w.”

Ki mele m, sa pa gade m, zafè kabrit pa zafè mouton, nan larepiblik, gwo nèg se Leta, se toujou menm jwèt pi gwo, pi gra a. Wete pye w, banm mete pa m.
Pandan ti jèn yo ap kwense moun, mete moun nan pi ba nivo a, anlè a, nèg ak palto yo ap wete moun, mete moun. Si w kwè m manti, al mande Doktè Claude Joseph.

Nou souvan dakò vyole prensip yo lè yo fè afè nou. Men nou bliye si pi devan an vyolasyon de menm prensip sa yo n ap peye po kase a. Tankou lwa te pran Claude Joseph pou Abinader pat konpòte l tankou prezidan tout zile a. Menm Claude Joseph sa a te aksepte fè pati yon ekzekitif yon sèl tèt (San Prezidan). Si Abinader te gen yon omològ Ayisyen li pa tap ka fè mòd pike devan sa yo, mòd radiyès melanje ak yon pakèt pèmèt sa-a yo kondi sixto.

Depi 1987 paske nou pa janm mete yon Konsèy Elektoral Pèmanan sou pye nou tou pase tout vi nou ap fè eleksyon pike kole an reta. Dènyèman nou tèlman desann ba nou te reyisi mete yon krèy elektoral kanpe ak moun ou pa ta panse. Yo fin gagote lajan an epi… epi anyen! (Nan vwa Pyram). Lajistis isit bèbè, li avèg epi li soud, anfòm pase l, nanpwen, ou pata di Nannann(Bèl nègrès, bòbòt sèk, bannann po ban). Sa p ap deranje si chak nèg fè yon koupe. Yo tout koupe yo ale, okenn pa deside klouwe.

Li lè li tan pou n konprann a chak fwa nou pa fè sa n dwe fè yo nan jan nou dwe fè yo. Se plis pwoblèm n ap kreye pou bon fonksyònman La Repiblik. Anpil ti bouton nou pa t trete nan ane 90 yo vin tounen java maling lajounen jodi. E sa ap kontinye konsa malerezman.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *