1 mai 2024

6 Polisye mouri .: Plizyè vil nan peyi a bloke maten jedi 26 janvye 2023

Aprè gwo dram sa, kote 6 polisye rive pèdi lavi yo nan depatman latibonit presizeman nan komin lyankou nan afwotman ak gang.

plizyè zòn leve bloke maten jedi 26 janvye a nan lide pou fòse dirijan yo pran responsabilite yo kont gang yo epi egzije polisye yo defann tèt yo fas ak bandi ki ap fin touye yo.

Plis pase 15 polisye gentan pèdi lavi yo anba bal bandi pandan ane 2023, 2 dram ki koute lavi 10 polisye nan 7 jou nan 2 vil diferan.

Lari bloke, kawoutyou ap boule, anpil bal ap tire plizyè kote depi yè swa, wout ray komin kafou, nazon komin pòtoprens, delma, santo nan kwadèboukè ak plizyè lòt kote bloke.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *