16 mai 2024

TRANZISYON KOUPE FACHE : “Dirijan politik yo pa dwe Gen twou nan manch ni zanno Kay òfèv”

Nan kad yon entèvyou eksklizif Olriche Jean-Pierre bay “Fermando live” nan lokal Aso a yè jedi 5 dawout 2021 an, li pwofite drese pwofil moun ki dwe vin mennen bak tranzisyon an.

Jèn lidè popilè Olriche Jean-Pierre, youn nan manm direktwa regwoupman òganizasyon pwogresis ki pote non Konbit la, ki se yon òganizasyon politik sendikal ak popilè, mande pou yo mete gwo aksan sou koze pwofil dirijan politik ki pou Vin mennen tranzisyon an.

Daprè Mesye Jean-Pierre, tout popilasyon an ap tann ki moun opozisyon an ak Sosyete Sivil la ap chwazi pou mennen bak tranzisyon an, pou yo ka evalye nivo kredibilite nouvo ekip ki ap vin ranplase gouvènman Ariel Henry a.

Pou Olriche Jean-Pierre, moun sa yo pa dwe gen twou nan manch, non yo pa dwe te janm site nan touye moun ni nan fè dappiyanp sou lajan leta, sitou fon Petwokaribe ak kòb “CIRH” la.

Nouvo dirijan sa yo pa dwe gen rapò ak okenn chèf gang nonplis.

Li rapousib pou li di tranzisyon ki pra l kòmanse a, tranzisyon ripti a, dwe okazyon pou enstore moralite nan lavi piblik peyi a. Se dwe, daprè li, lokazyon pou remete etik ak konsitans nan mitan jwèt demokratik la.

Li ajoute: “se an fonksyon kritè sa yo nou ap ka tabli yon vrè tranzisyon koupe fache ki ap kanpe anfas tout pwojè anti pèp ki konn lakòz mas yo koukouman nan malsite ak kras”.

Reskonsab politik la kwè divès fòs politik ak sosyete sivil la gentan tanmen diskisyon pou detèmine ki wout tranzisyon koupe fache a dwe pran, tankou : “refòme leta a, batay kont koripsyon ak inegalite”. Pi lwen, li fè konnen moun ki ap vin dirije tranzisyon an pa ka menm sila yo ki nan tèt Sena Repiblik la, nan lide pou asire yo rejim peze souse PHTK a kontinye kenbe tèt li sou pouvwa a atravè pwochèn eleksyon yo.

Gémina Jn-Baptiste

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *