18 mai 2024

Soup Libète : Pou rasanble tout kalte Ayisyèn ak Ayisyen

Avantyè, Samdi 11 desanm 2021 an, se te lansman ofisyèl Soup Libète 2022 nan Enstitisyon Senlwi Gonzag.

Katryèm Edisyon Soup Libète a kase randevou pou Premye Janvye 2022 pou selebre arebò yon bòl soup gwo kokenchenn viktwa nèg ak negès te fè sou Metwopòl peyi Lafrans nan pwoklame endepandans yo. Sa rete jiska jodi a premye, men tou inik revolisyon ak zam yon pèp nwa reyisi.

Nan Enstitisyon Senlwi Gonzag, plis pase yon santèn moun te reyini, moun tout kouch sosyal, pou lanse Katryèm Edisyon Soup Libète

Inisyatè yo envite moun ki vle òganize Soup nan katye yo pou yo fè mobilizasyon kominotè epi resoufle flanm Solidarite ak Viv ansanm ki se mak fabrik kilti ayisyen an.

De nan Pòtpawòl Soup Libète yo Nathalie Lerebours ak Ashley Saint-Vil te montre nesesite pou pi jèn yo pran devan nan jefò pou remambre peyi a. Yo envite tout jèn ki renmen peyi a pou onore memwa zanzèt nou yo ak gwo eksplwa sa yo te fè pou kreye yon Nasyon Lib.

Òganizatè yo ensiste pou di: menm si Soup la gen koulè jòn akòz joumou an ki ladan li, men Pwogram Soup Libète pa gen ankenn koulè po, koulè politik, orijin sosyal ak kwayans relijye ladan li. Objektif la se mete tout kalte Ayisyèn ak Ayisyen ansanm, pou nou sonje konte n soti epi pou nou pale ansanm sou ki kote nou vle Peyi nou ale.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *