18 mai 2024

Soti Pòtoprens pou ale Okay pi chè pase soti Ayiti pou ale Mayami

Ayiti se kote ou wè tout bagay posib! Pou ayè vandredi 17 mas 2022 a, tikè ale-retou konpayi SpiritAirlines Pòtoprens/Fòtlodèdal tap vann 204 dola ameriken. Vòl sila dire: 1 èdtan 52 minit. Yon lòt bò tikè ale-retou konpayi SunriseAirways Pòtoprens-Okay tap vann 245 dola ameriken (pri nan kontwa an). Tan vòl: 30 minit, selon done Jounal Vantbef Info resevwa.

Sitiyasyon tansyon ki genyen depi pase yon lane nan antre Sid kapital la, wout Matisan lakòz popilasyon an pè frekante vwa terès la pou yo sòti oswa antre nan Gran Sid la. Jan pwovèb kreyòl la di “Sak pa bon pou youn bon pou yon lòt” ebyen genlè konpayi avyon pwofite de sitiyasyon lamantab Matisan an pou fè moun k ap vwayaje ki oblije pase anlè yo “peye bèf pou kabrit”.

Pou yon vòl ki dire 1èdtan 52 minit sòti pòtoprens, Ayiti pou rive Fòlodèdal, nan lakou Miami, pasajè yo peye yon tikè ale-retou pou 204 dola vèt nan konpayi SpiritAirlines. Epoutan pou w sòti pòtoprens (Lwès) pou ale Okay (Sid) ki se 2 depatman ki twouve yo an Ayiti, moun ki vwayaje nan konpayi SunriseAirways peye 245 dola vèt pou vòl la ki dire sèlman 30 minit.

Bagay sa deranje anpil moun k ap viv nan Gran Sid la. Se pou tèt sa Ayè Vendredi 18 mas 2022 a, plizyè Kayen te òganize yon manifestasyon devan ayewopò Antoine Simon nan Okay nan lide pou denonse manadjè konpayi Avyon yo ki pwofite de ensekirite ki genyen nan Matisan an pou yo fè pwofi yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *